Avèk yon Smartphone ou gen aksè avèk lemond, ou ka fè sa ou vle, ou ka rive kote ou vle men ou ka kondane vi w’ konsa tou, ou ka kreye yon kesye nimerik k’ap ede w’ evolye
Ou dwe konnen ke tout imaj tout foto tout vidéo an gro tout sa w’ap poste sou entènèt yo anmagazine sou yon sèvè, se pa paske ou efase yo sou telefòn ou, sou rezo yo pou w’ panse yo efase vre.
Kontwole sa w’ap poste ak sa w’ap pataje sou entènèt sitou foto, videyo, Odyo. Aprè 10-15 lane si yo rele w’ pou al travay nan konpayi miltinasyonal yo sa ka anpeche ou jwenn djòb
Sa ale pi lwen toujou avèk sa w’ap pataje sou entènet ka bay moun yon move enpresyon de ou nan moman sa a la menm.
Bagay w’ap klike pou fè konnen ou renmen sou entènèt, kòmantè w’ap fè tou ka afekte vi reyèl ou, yo rele sa (E-réputation / E-Repitasyon)
Yon lòt fwa ankò n’a di w’ entènèt se yon teren ki bay anpil privilèj e konsa tou li bay chagren
Frè m’ sè m’ byen itilize entènèt la jodi a, demen pou pa regrèt