Kisa Bote ye ?

 

Bote se yon eleman kache makonnen ak plizyè aspè nan egzistans moun, ide sa a etidye prensipalman pa “Disiplin Filozofik Estetik”, men li abòde egalman an pati kèk lòt domèn tankou (Istwa, Sosyoloji, Sikoloji, Teknik ou talan).

Bote an jeneral defini tankou karakteristik yon bagay ki nan mitan etid sansoryèl ki bay yon santiman, Satisfaksyon . Nan sans sa a Bote vin pa egzanp manifestasyon sou fòm vizyèl, Mouvman, Son ki mache dirèkteman ak Bote Fizik la.

Divèsite Bote 
Gen twa (3) kalite bote, sa ka rive yo plis piske de jou an jou kèk bagay nan mond lan ap chanje, sitou sou plan edikatif.

  • Nou konnen :
    1-Beauté Physique / Bote Fizik
    2-Beauté du Coeur / Bote Kè
    3-Beauté Intellectuelle / Bote Entèlektyèl

Definisyon chak bote yo

Bote Fizik la se yon bote aparans ki la pou Prezantasyon men li pa memorab, onivo posiblite valè enteryè li se yon valè nil, «Yon liv ki gen bèl kouvèti oubyen Po pa vle di se yon liv bòn kalite». Bote fizik la prezante sou fòm vizyèl, Mouvman, Son ak Ton.

Bote kè a se bote ki plis enpòtan pami tout bote yo li ekri paske Senyè a pa gen anyen pou atire rega nou, men li eklere yon bote san parèy lakòz bonte kè a. Li pi bèl paske se kè a ki debòde lanmou an, si ou kwaze yon moun sou chemen w’ ki pa gen atirans fizik men li atire w’ se Bote Kè a ki parèt deyò ki lakòz sa, Bote Kè a se yon sansasyon Mèvèyez kache, dirab, dèyè bote sa a genyen yon bèl istwa paske l’ bay nesans ak yon veritab lanmou ki abite nan nou ki sòti nan Bondye, pou moun ki kwè.

Bote Entèlektyèl la pa fòseman sòti nan Bondye si w’ vle posede l’ fòk ou fè anpil efò ou dwe ale lekòl aprann Metye pou devni yon Gason/Fanm trè eksperimante oubyen Konpetan(t), bote entèlektyèl la li pa vizib menm jan ak Bote Kè a sa vle di se pa yon bagay ou ka wè san se pa moun nan ki pwouve w’ sa e si w’ pa t’ deja konnen moun nan. Nou pa bay twòp detay sou Bote Entèlektyèl la paske anpil moun konnen kisa Entèletyèl vle di.

Mèsi, pa fin li atik la san ou pa pataje l’ bay tout kontak WhatsApp ou yo, sou Facebook sou Twitter ak lòt ankò.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *