Yo Arete Tantann Lakòl (Stanley Toussaint) Pou Tantativ Vyolans

Wellington, Etazini — Ansyen chantè gwoup Lakòl la, Stanley “Tantann” Toussaint jwenn arestasyon li yè jedi a pou vyolans, daprè enfòmasyon sit entènèt ki pale de moun yo arete
nan Etazini.

Akizasyon vyolans ki tonbe sou Tantann, se yon deli premye degre ki rele «Strike» oubyen «Battery Touch». Sa vle di se kapab entansyon oubyen paske li touche yon moun san volonte li.

Sa kapab tou pou entansyon li te genyen pou fè yon moun mal fizikman. Gen posiblite pou li pran 12 mwa prizon oubyen pwobasyon epi peye mil dola ameriken amand.

Sous: HaitiLiveNews

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *