Jodi a nou gen chans rankontre Robens, Fondatè gwoup la, ki chante, fè maketing, konpozitè e kèk fwa ki konn jere relasyon piblik tou pou gwoup la. Nou pral poze li kèk kesyon pou ou menm ki ap li atik sa a ka fè plis konesans ak gwoup J3 Haiti.
TKPNews:- Oke Robens se yon plezi pou nou genyen w jodi avèk a nou nan Ti Kwen Pam News. Èske w ka prezante tèt ou ak J3 Haiti?
Robens:- Mwen se Jean Robens Yon jèn chantè k’ap evolye nan J3 Haiti. Mwen fè anpil ekperyans nan mizik e kounya mwen chwazi mache ak J3 Haiti. Nou se 3 jèn ki te kwaze nan Starmax Yon konkou Telemax konn fè epi nou deside monte gwoup la ki gen 3 chantè ladan li ki se Jean Robens Pierre, Jean Jonathan Louis ak Jean Marie Lizaire. N’ap travay Pou n vann imaj peyi nou an atravè talan nou.
TKPNews:- Nou konnen J3 Haiti parèt an fòs sou mache a ak yon mizik ki titre “Vin Gade”. Èske se premye mizik J3 Haiti epi ki kote nou jwenn enspirasyon pou ekri mizik sa a epi kiyès ki konpoze li tou?
Robens:- Non se pa premye Mizik J3 nou te konpoze yon premye mizik ki rele “Bato Nwèl La”. Nou t’al nan konkou chante nwèl Telemax konn fè nou te 3zyèm pami 300 kandida. Nou ekri Vin Gade paske nou wè gen gwo efò k’ap fèt nan domèn touristik la nan peyi nou an. Nou deside patisipe nan avansman sa a. Vin Gade ekri pa mwen menm, li korije pa lòt 2 chantè yo. Gen Marckenley Emile ki ede m tou nan tèks la ak Rhousteau Joseph.
TKPNews:- Pou kounye a ki aktivite J3 Haiti? Nou konnen J3 Haiti gen yon lòt mizik ki rele “Viv Byen” ki nan lari a depi semèn pase a ki kòmanse ap bat moun la a. Di nou kòman sa ye?
Robens:- Bon Kounya J3 Haiti ap jwenn anpil envitasyon pou patisipe nan plizyè aktivite e nou pwomèt byento ap gen yon Videyo pou dènye mizik sa a nou sòti a. Bagay yo pa fasil men n’ap vanse.
TKPNews:- Bon, Nou te vrèman kontan genyen J3 Haiti nan kay la jodi a. Si ou ta gen yon dènye mo pou fanatik yo ki ap li atik sa a nan moman an kisa li t’ap ye, e kòman moun ka rantre an kontak ak J3 Haiti?
Robens:- N’ap prete 3 prensip BIC yo n’ap adrese mesaj sa a sitou ak Jèn yo: Kenbe tèt yo, Kraze bèt yo, Kwè nan tèt yo. Epi Kontinye swiv J3 Haiti sou Facebook ak Instagram epi rete sou Ti Kwen Pam News pou tout dènye news yo. Yon gran mèsi ak tout moun ki ap sipòte nou. Epi pou kontak:
Telefòn: +509 3792 7961
Imèl: [email protected]
Facebook: J3 Haiti
Instagram: J3Haiti
Twitter: @j3haiti10
Klike la pou tande Vin Gade sou Ti Kwen Pam Mizik
Klike la pou tande Viv Byen sou Ti Kwen Pam Mizik