Kore Disid refize peye pou yon sistèm defans Anti-Misil Lèzetazini ap Enstale nan Sewoul

Gouvènman Kore Disid la prese rejte yon apèl Prezidan Donald Trump lanse pou l’ mande Sewoul peye yon milya dola pou yon sistèm defans anti-misil Lèzetazini ap enstale sou teritwa Sid koreyen an (non sistèm nan se Batri Defans Anti-Misil Tèminal a Wot Altitid, abreje anglè “THAAD”).

Ministè defans sid koreyen an pibliye yon kominike nan jounen vandredi 28 avril 2017 la pou li di :“ Pa genyen okenn chanjman ni nan pozisyon Kore Disid ni nan pozisyon Lèzetazini sou kesyon an, asavwa gouvènman nou an pral founi teren an ak enstalasyon api yo, epi Lèzetazini pral peye pou deplwaman, operasyon ak antretyen sistèm defans la.”

2 peyi yo te mete yo dakò sou deplwaman THAAD la nan ane 2016 la, sou administrasyon Prezidan Barack Obama (Ozetazini) ak administrasyon ansyen Prezidan Park Geun-hye (Kore Disid). Anfèt, youn nan kondisyon ki te anpeche Prezidan Park chache jwenn otorizasyon asanble nasyonal sid-koreyen an pou akò a antre an n aplikasyon, se lefèt ke antant la pa ta pral mande pou Kore Disid fè okenn depans an plis. Sepandan, pandan Prezidan Donald Trump t’ap bay ajans nouvèl Reuters yon entèvou nan Washington jedi 27 avril 2017 la, li deklare li vle pou Kore Disid peye pou sistèm nan.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *