Aaron Schock ansyen senatè Eta Ilinwa akize de Fwod

Ansyen Palmantè eta Ilinwa Aaron Schock, ki te yon etwal ki t’ap monte nan pati Repibliken an, tonbe jedi a anba plizyè akizasyon federal kòmkwa li ta fè koken pou l’ mete lajan nan pòch li nan djòb leta a.

Misye Schock, ki gen 35 lane, te demisyone nan pòs li ane pase, pandan ajan federal t’ap ankete sou akizasyon ki sou do l’ pou depans li ki soulve kesyon, tankou jan li redekore biwo li nan Kongrè a tankou yon Abèy.

Yon kondanasyon pou sèlman yon akizasyon fwod nan transfè lajan mache ak yon santans prizon ki ka rive jiska 20 lane prizon. Li gen pou l’ parèt devan tribinal 21 Novanm k’ap vini an.

Jamesly Pierre Ti Kwen Pam

Jamesly Pierre Frederica S. Wilson Depite Ameriken Popularite Stars _ Jamesly Pierre

Check Also

Nan yon konferans pou laprès Vladimir Putin fè kwè akizasyon ki fè kwè li te enplike nan zak pirataj eleksyon ameriken yo se yon rimè

Prezidan Larisi a Vladimir Putin demanti pawòl ki fè kwè li te mele nan eleksyon …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *