Lame Amerikèn Lage yon Bonm pisan ki pa Nikleyè sou Enstalasyon gwoup Eta Islamik lan, nan Afganistan

Nan yon deklarasyon Pentagòn Depatman Defans Etazini an fè sòti, fè konnen lame amerikèn nan lage jedi 13 avril 2107 la yon bonm GBU-43 sou yon enstalasyon Gwoup Eta Islamik la, genyen yon nan tinèl ki nan distri an chin nan pwovens Nangarhar toupre fwontyè Afganistan pataje ak Pakistan.

Bonm sa a ki rele “Massive Ordnance Air Blast” (MOAB) genyen ladann 11 tòn eksplozif. Akoz abrevyasyon non bonm nan, Lame Etazini an bal ti non gate ann anglè ki se “Mother of All Bombs” ki vle di manman tout bonm.

Pòtpawòl Pentagòn nan Adam Stump di se premye fwa yo itilize bonm sa a nan yon batay.

Pòtpawòl Lamezon Blanch, Sean Spicer, ki t’ap pale nan laprès nan Washington, di li pa konnen si Prezidan Donald Trump te apwouve aksyon militè sa a, men li ajoute nou gen obligasyon pou nou anpeche militan islamik yo jwenn espas pou yo mennen operasyon.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *