Atis pa senp yon chantè jan nou panse l’ la, men se pito (Yon Endividi ki ka fè yon èv, Kiltive oubyen Metrize yon talan)
Krèk Koko vin ak yon Style e antre nan kilti savann nan an rans konsa nou menm yon pèp mal edike ba l’ jarèt e menm foure l’ nan yon biznis ki pa gen pye ki pa gen tèt, yon lakou san bare moun antre fè sa yo vle koulya nou wè Krèk Koko pa gen plas li pami atis. Se vre kote y’ap fè peyi yo pap tolere l’, Depi byen lontan kisa Leta te fè pou sa pa t’ rive?
Ministè kilti se pou sèlman kanaval li la, ebyen vwala.
Michel Joseph Martelly arive prezidan peyi a paske l’ te pase vann vye imaj nan mizik, mas ki pa edike a ki se majorite popilasyon an bat bravo pou li, li pase.
DJ, Animatè, chantè a, renmen di betiz, denigre fanm nou aplodi l’ li fè Ekla nou san konpetisyon nou ba l’ pi fò, nou pa gen pwoblèm ak sa yon fòm kilti ki pa twò mal pase sa paske gen lòt nasyon ki mal men se pa yon bon egzanp kote ki gen ti moun k’ap leve, Nou ka chanje sa wi fòk nou travay anpil.
Majorite Atis ayisyen se tankou Krèk Koko yo te pase pou yo fè Hit, Jounen Jodi a anpil nan yo wè pou yo diskrimine e retire Krèk Koko kòm yon choz ki pa ka nan Sosyete a, nou pa bezwen al Etidye Sosyoloji pou n’ konnen nou pa dwe fè fòm diskriminasyon sa a sèlman al konn ki sa k’ fè Sosyete a?