FAO e Ministè Agrikilti pote soutyen bay plantè yo nan Grandans ak Sid

Sid ak Grandans ki te devaste pa ouragan Matye nan Mwa oktòb 2016 la jwenn api entèvansyon Ministè Agrikilti ak òganizasyon Nasyon Zini pou alimantasyon e agrikilti (FAO), te distribye yon seri Semans 7 pou rive 10 Fevriye ki sot pase a, se te : (ariko,Mayi) e Bouti patat dous, bay plis pase 10 000 fami.

Semans sa yo, moun yo abitye kiltive sou yon kout dire ki pa depase twa (3) Mwa, yo te livre bay popilasyon pandan kanpay prentan ane sa a

Sezon Prentan an se pi gwo sezon pwodiksyon agrikòl pou peyi a, se FAO ki pote soutyen l’ a Ministè Agrikilti pou bay asistans semansyè li, nan lide pou plis fanmiy genyen lajan nan twa (3) mwa k’ap vini yo

 

Sous Dirèk: LeNouvelliste

 

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *