Yon Designer ki konn abitye abiye Michelle Obama bay mo pa l’ sou koze Wòb Matine Moïse lan

Azede Jean-Pierre se yon designer ayisyèn, li fèt Pestèl Ayiti, li grandi Atlanta li pa pale kreyòl twò byen paske li pati lontan epi li pa vini ayiti souvan, Azede se yon Designer ki gen notoryete nan peyi Etazini li gen pwòp konpayi li aletranje se yon atis trè konpetant li abitye abiye madan Obama, Lady Gaga, Beyonce tandot gwo moun Ozetazini.

Nan yon entèvyou Azede te akòde laprès nan Pòtoprens li te reyaji sou abiman Premye Dam nan ki se Martine Moïse. Li di: Abiman premye Dam lan pa gen anyen pou jan moun yo ap pale a, sèlman sa l’ repwoche sèke manch wòb lan yon ti jan twò kout si se te li menm li pa t’ap fè l’ konsa men li pa gen anyen

Nou rete kwè ke pale anpil la fini, paske moun k’ap kritike Wòb Premye Dam nan majorite pa Pwofesyonèl Abiman

Nou prezante w’ Imaj sa pou nou fè ou wè kalite travay Azede

Check Also

Wach Wach Zoe voye yon Mesaj pou mond lan espesyalman pou jenès ayisyen, klike sou lyen sa a pou w konn kilè l ap delivre.

Bonjou, Bonswa Mwen se Wach Wachzoe M vin di nou Lendi 2 avril 2018 Benjamin …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *