Ansyen chantè Anbyans ki te chanje an Anbyans Tèt Dwat la, Oky Jems, te bay kèk presizyon nan yon emisyon radyo nan kapital la sou pa alèz ant li ak Shabba.
Atis la te pran lapawòl pou l’ te di li pa gen anyen ak Shabba, se 2 nèg nò yo ye, yo te konn pale fè blag ansanm, men li vin remake gen yon bagay k’ap manifeste anndan Shabba ki koz Shabba vin pa bal bèl dan ki diferan pa rapò ak avan, pou Oky Jems te fè klè sou verite koze a li te di : Pwoblèm Shabba genyen se paske Ticket Magazine te pibliye ke se Anbyans ki te Chanpyon Kanaval 2014 ki te fèt nan site endepandans lan, Gonayiv. Atis la di se depi lè sa a Shabba pa pale avè l’, li pa gen pwoblèm jan Shabba vle l’ la konsa l’ap pran l’ si Shabba parèt yon kote pou l’ ba l’ lamen selon jan Shabba ba l’ lamen an l’ap salye l’ tou