Nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik, Ansyen Senatè Moïse Jean-Charles, lidè platfòm politik Pitit Desalin nan fè konnen, li pa resevwa okenn envitasyon pou seremoni envestiti Prezidan Eli ayisyen an Jovenel Moïse.
Ansyen Senatè Depatman Nò a di nan entèvyou a menm si l’ ta jwenn yon envitasyon konsa, li pa t’ap onore l’. Pakse, li pa rekonèt viktwa Jovenel Moïse la.
Jovenel Moïse ki te sòti venkè nan kous prezidansyèl novanm 2016 la sou lòt kandida yo, ap prete sèman 7 fevriye 2017.
Ansyen Senatè Moïse Jean Charles te pami 3 kandida ala prezidans ki te konteste rezilta eleksyon novanm 2016 yo. 3 Kandida sa yo Maryse Narcisse (Lavalas), Moise Jean Charles (Platfòm Pitit Desalin) ak Jude Celestin (LAPEH) te konteste tou rezilta eleksyon prezidansyèl oktòb 2015 yo.