Chili Rap Kreyòl : Top 9 Rapè Ayisyen ki pi Pwodiktif e ki antre nan lit pou voye rap Kreyòl la piwo deyò Peyi a

Daprè ankèt Ekip la (Ti Kwen Pam) reyalize nou ka di Rap Kreyòl kapab vin youn nan jan mizik ke 40 a 50% moun k ap viv Chili ap plis tande aprè yon lane ankò, paske, gen anpil ayisyen ki deplase ale Chili, Pami yo se Pwomotè, Animatè, Rapè ak Fanatik Rap vin jwenn ak Chilyen ki apresye Mouvman an tou e selon jan majorite atis k ap evolye Lòtbò a rapòte nou, ta sanble gen anpil chilyen ki vle sipòte mouvman an men fòk yo ta pwodui plis non sèlman pou yo teste talan yo pou mouvman an jwenn yon respè anplis. Si Atis yo kwè nan travay la nou panse sa kapab reyalize, jiskaprezan sa toujou rete yon rèv, yon rèv ki ka pote yon bòn nouvèl pou tout moun ki te goumen pou Mouvman Rap la sa l ye jodi a an n Ayiti e pou tout Rapè an Patikilye.

Alò sa n ap reve a gen 9 Atis ki deja mete men pou l vin yon reyalite, MC sa yo demare seryezman. Pou sa k gen a wè ak bon mach Mouvman an laba a se nan fason sa yo (Sòti Mizik ke tout moun ap renmen – Pwodui plis – Toujou ap travay pou fè Mizik yo mache – Gen anpil nan yo ki sòti bèl videyo e patisipe nan Pwogram ki konn gen gwo atis Ayisyen yo ap pèfòme). Se enpòtan pou n ta dekouvri yo ansanm san n pa idantifye kiyès ki pi aktif

Real King Ak Marcus Se 2 atis k ap travay ansanm yo reyalize deja yon Demo 3 Mizik, 2 Videyo, 2 Freestyle e yon Mixtape an Preparasyon, se 2 MC sa yo ki te ranpòte premye edisyon festival Rap Kreyol ki te fèt chili .

Wach Wach Zoe Yon jèn atis ki soti Leyogàn k ap travay an solo nan Chili, reyalize deja yon Demo 5 mizik, Yon Videyo an Kolaborasyon ak RapBlòk, san konte mizik li sou yo ki pa pwojè pèsonèl li gen pwojè pou byento k ap yon Sipriz

Flambo Yon jèn Rapè ki sòti Delmas 33 k ap evolye nan peyi chili an solo, reyalize deja plis pase 12 mizik ak 2 videyo li se youn nan rapè k ap evolye laba ki jwe plis Pwogram li jwe deja ak Baky, Brikcs, Brital, ak anpil lòt ankò

Zoe-lo Latriod Yon jen atis ki sòti Machan Desalin/Latibonit k ap travay an solo nan chili, reyalize deja 3 mizik tre sosyal ki pa deranjan yon mizik an prepasyon titre yo pran nan Rèz

Kennit ak Big MC Se 2 jèn atis ki soti Leogane ki fonde yon gwoup ki rele Zoe Nit, reyalize deja 9 Mizik plis pwoje k ap vini byento

It’s Ney Yon jèn atis ki sòti nan depatman latibonit lan k ap travay an solo nan chili, reyalize deja yon bèl grenn mizik sosyal ki titre “AYITI PEYI DYALÒG” se yon bèl mizik ki montre kòman Politisyen pran ayisyen pou egare, yon atis ki petèt pa kontinye fè rap pou Mond lan anko ret branche pou tout ti detay sou poz atis la

Samy Sous Flow Yon jèn atis k ap travay an Solo nan peyi Chili, Reyalize deja Yon Mizik titre “Chili li ye” se yon bèl grenn Mizik sosyal ki eksplike Kòman Chili enpòtan pou anpil Nasyon se pa sèlman pou Ayisyen, nan mizik la li di w kòman Pewouvyen konn ap kraze rak pou antre chili tankou se lè ayisyen ap chire po yo nan fil fè pou antre sendomeng

Se tout bon grenn sa yo k ap evolye chili nan Rap la, nan Non Ekip la n ap felisite tout jèn rapè sa yo ki angaje yo nan lit sila n ap di yo kenbe la pa lage Jiska laviktwa.

Bilan bon mach Rap Kreyòl nan Peyi Chili 2016-2017 n ap goumen pou n reyisi l yon lòt fwa ankò pou ane 2017-2018 la Mèsi ak tout moun ki t ap sipòte n’

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *