Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pibliye yon dekrè pou remobilize lame Dayiti rejim Lavalas la te demantle nan mitan ane 90 yo. Nan arete a, chèf deta a nonmen yon wo kòmandman enterimè ak 6 manm k ap gen pou fè tout sa ki nesesè pou mete lame a sou pye.
Lame tou nèf la gen pou l patisipe nan yon parad militè ansanm ak manm Polis Nasyonal Dayiti (PNH) samdi 18 novanm 2017 la nan vil Kap-Ayisyen pou make 214èm anivèsè Batay Vètyè a swa dènye konba ki te debouche sou endepandans peyi a. Premye Minis la, Jacques Guy Lafontant, ak Minis Defans lan, Hervé Denis, ap gen pou evalye chak 3 mwa travay kòmandman enterimè lame a.
6 manm kòmandman enterimè a divize konsa: yon kòmandan an chèf enterimè, yon asistan kòmandan an chèf enterimè, yon Eta-majò jeneral enterimè, yon enspektè jeneral enterimè, yon adjidan jeneral enterimè ak yon Eta-majò pèsonèl enterimè pou kòmandan an chèf enterimè a.