Diplomat Michele Jeanne Sison, se nouvèl Anbasadris Etazini an n Ayiti aprè ratifikasyon chwa Sena Ameriken an

Komisyon afè Etranjè Sena a ameriken an ratifye chwa Michel Jeanne Sison kòm nouvo anbasadris Etazini an n Ayiti. Ratifikasyon sa a fèt nan yon seyans nan Kongrè ameriken an jedi maten 26 oktòb 2017 la nan Washington D.C.

Madam Sison ki genyen yon karyè diplomatik trè long nan rezime li, pa yon nouvo veni an n Ayiti kote li te deja okipe foksyon konsil jeneral. Madam Sison te sèvi avan sa kòm anbasadè Siri Lanka ak Maldives sòti lane 2012 pou rive nan lane 2014. Li te travay tou nan peyi Liban sòti lane 2008 rive 2010 ak Emira Arab Ini 2004 a 2008.

Sou sa ki gen awè ak edikasyon, nouvèl anbasadris ameriken pou Ayiti a pwosede yon diplòm nan syans politik li te dekwoche nan Inivèsite Wesley.

15 lòt anbasadè ki jwenn ratifikasyon yo nan menm jounen jedi a devan Sena a pral reprezante Lèzetazini nan peyi Laoland, End, Djibouti, Vyetnam, Timor- Leste, Andora, Lalmay, Laswis, Lyechtenstin, Kamewoun, Maritani, Angola, Zambi, Seychelles ak an Niger.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *