Prezidan Donald Trump fè konnen lidè Nò koreyen an, Kim Jung Un, pran yon desizyon saj ki baze sou larezon lè li ranvwaye plan pou l lanse misil sou zile Guam ki se yon teritwa ameriken.
Lidè ameriken an ekri sou kont Twitter li kote li di: “Altènativ la ta pral yon demach katastwofik e inakseptab alafwa. Yon medya nan Kore dinò konfime nouvèl ki fè kwè lidè Kim Jung Un pran desizyon pou l kanpe sou esè misil li yo.
Kore dinò t ap planifye lansman 4 misil li di: li ta pral lanse sou tèt Japon pou y al tonbe nan lanmè ki toupre zile Guam nan, yon fason pou wè si Lèzetazini ta pral pèsiste avèk aksyon danjere yo a.