Sony Music ap retire mizik sou paj SoundCloud pi gwo atis li yo, tankou Adele, Kelly Clarkson, ak Miguel, aprè li echwe yon aranjman avèk SoundCloud sou difizyon mizik. Mezantant negosyasyon yo, ki te premye rapòte pa Billboard, ta sanble rive paske Sony pa panse SoundCloud ofri ase opsyon pou fè li fè lajan pou mizik li poste sou li yo.
Billboard konte plis pase mwatye douzèn mizizyen Sony mizik yo deja retire, e sanble gen plis mizik yo pral retire toujou. Li pa fin twò klè si se yon taktik negosyasyon oubyen si se fen yo, men petèt sa pa twò etonan paske konpayi mizik yo pa vrèman gwo fanatik sèvis difizyon mizik ki sipòte pa piblisite.
“Nou nan poupale kontini avèk gwo e endepandan konpayi mizik e n’ap kontinye pou ajoute patnè nan pwogram On SoundCloud la,” se sa SoundCloud di nan yon deklarasyon. SoundCloud di li deja peye plis pase 2 milyon dola ameriken nan On SoundCloud, pwogram monetizasyon li an. Pwogram sa te anonse nan mwa out pase a, e li siyen plis pase 100 patnè deja. Konpayi Sony poko di anyen sou koze a.