Rosa Salgado, Yon Granmoun 79 ane Gradye Nan Inivèsite

Rosa Salgado reyalize gran rèv ameriken li wikenn pase a, bò kote 2 pitit pitit li.

Imigran kolonbyèn 79 ane a mete chapo ak wòb li samdi pase a pou resevwa diplòm li nan Associate of Arts Education (Edikasyon Asosye nan La) nan Inivèsite Miami Dade College, menm jou 2 nan pitit pitit li resevwa diplòm pa yo a nen menm lekòl la.

“Pitit pitit mwen yo, fanmi mwen, yo grandi pandan y’ap gade aktivite mwen e yo pral aprann epi goumen nan lavi a pou fè fas ak obstak yo,” se sa Rosa Salgado, ki gradye avèk onè, fè konnen.

Diplòm sa a se rezilta travay Rosa te kòmanse depi 20 ane lè li te rive nan Miami padan li pa t konnen anpil anglè, men li te detèmine pou li kreye yon pi bon demen pou li ak fanm li.

Daprè NBC Miami, Rosa ki te manman 3 timoun, aprann anglè, rantre lekòl epi jwenn yon travay nan sant sante timoun inivèsite Miami Dade College, pandan l’ap pran wout 5 bis nan transpòtasyon piblik pou l’al lekòl epi travay.

Li te soufri yon reta 10 ane avan lè pi jèn pitit fi li te tonbe nan koma aprè yon aksidan, e Rosa Salgado te oblije redwi nan kou li t’ap pran yo pou li te ka jwenn tan pou li pran swen li.

“Li te gen reta akòz pwoblèm pèsonèl e li travèse yo e gade kounye a l’ap gradye. Mwen vrèman fyè de li,” se sa Sara Bulnes, youn nan ansyen pwofesè li yo fè konnen.

Fanmi granmoun ki prèske gen 80 ane a fyè de li tou.

David Salgado, ki gradye nan menm domèn ak granmè li, di NBC Miami, “Pou mwen ak fanmi mwen, pou Rosa gradye sa a, sa ranpli kè m ak lajwa.”.

Avèk diplòm li nan men li, Rosa Salgado di li planifye pou li al travay, li pral ekri liv pou timoun.

“Mwen vrèman kontan”, li di. “Mèsi tout moun ki te ede mwen.”

 

Check Also

François Hollande manke kase dan li, Chans Pou Li Michel Martelly Te La

Jodi a 12 me a nou te gen yon sipriz nan peyi a kote prezidan …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *