Li difisil pou menm imajine kòman sa terifyan pou jwenn yon nèg 47 ane ap vyole pitit fi 5 ane ou nan yon etab. Nan sitiyasyon sa a, majorite nan nou t’ap aji menm jan an.
Yon papa ki ap viv nan eta Texas dekouvri yon nèg ki ap vyole pitit fi 5 ane li, li bat nèg la a mò avèk men li, e leta pap kondane li pou lanmò a.
Grand jiri rejyon Lavaca te deside pa t peze chaj kont papa 23 ane sa a pou lanmò Jesus Mora Flores, 47 ane, jou ki te 9 jen an. Nèg sa a te jwenn lanmò li anndan yon kabàn kote papa a te jwenn li ap vyole tifi a.
Anba lalwa eta Texas, fòs mètriye otorize, jistifye menm si se pou stope vyolans seksyèl grav plis jwenn ankò papa tifi a te rele 911 pou eseye sove lavi pedofil 47 ane a aprè li te fin bat li, sa se te plis fè jiri a pran desizyon sa a.
Depite Cherif rejyon Lavaca di papa a, ki non li pa devwale pou pwoteje idantite tifi a, te voye tifi a ak frè li bay poul yo manje. Epi tigason an kouri tounen vin di papa li gen yon moun ki pran ti sè a epi mennen li nan kabàn ki pi pre a. Papa a kouri dèyè yo akòz kri tifi a t’ap fè epi lè li rive li jwenn tou 2 toutouni.
Papa a kouri ak raj, Li bat nèg la jiskaske li pèdi konesans, men li te eseye rele 911 pou vyolè a aprè li te asire li pitit fi a te an sekirite.