Richard Belony ki se te yon anplwaye Meri Taba revoke pa ekip Meri a ki gen Nice Simon k’ap dirije, pou endiskresyon (Pa gen sekrè), mank pwofesyonalis. Ta sanble sa k’ te pase nan Meri Taba a 8 Mas ki sot pase a pa t’ dwe pran lari. Men lèt Revokasyon an
Read More »Tag Archives: ti Kwen Pam News
Depite ayisyen yo Plase Jack Guy Lafontant Premye Minis
Jack Guy Lafontant sakre Premye Minis Peyi d Ayiti avèk 95 Vòt Pou, 6 kont, 2 abstansyon aprè yon seyans ki te dire plis pase 18 èdtan nan chanm depite yo.
Read More »3 Machin Boule yèswa Pilbowo
Plizyè endividi ame boule 3 Machin Pilbowo nan lide pou reklame rezilta eleksyon pase yo pou sikonskripsyon Plezans.
Read More »Men kòmantè ekip TKP a sou dosye Krèk Koko a k'ap domine aktyalite a
Atis pa senp yon chantè jan nou panse l’ la, men se pito (Yon Endividi ki ka fè yon èv, Kiltive oubyen Metrize yon talan) Krèk Koko vin ak yon Style e antre nan kilti savann nan an rans konsa nou menm yon pèp mal edike ba l’ jarèt e menm foure l’ nan yon biznis ki pa gen …
Read More »Gwo zen ant Madan J-Vens e atis Tenten pou Kòb J-Vens
Tenten se yon atis tandans rabòday ki ta sanble konn travay ak J-Vens, k’ap evolye nan Pòtoprens, epi li se youn nan moun yo te site k’ap fè lajan sou J-Vens ki ekri Madan J-Vens sou WhatsApp pou l’ joure l’ engra, paske l’ te fè Papa J-Vens jwenn 30 000 dola, pou te okipe J-Vens, sa fèt aprè Laplanta te fin …
Read More »Ozetazini To Chomaj la ap diminye
Imaj sa a w’ap gade a se yon restoran nan Miami ki mete yon ansèy devan pòt li pou l’ di l’ap chache nouvo anplwaye Ekonomi Etazini an kreye 235 mil djòb nan mwa Fevriye 2017 pase a, pandan to chomaj la pèdi yon dizyèm nan 1 pousan pou l’ desann nan 4,7 pousan. Rapò vandredi 10 mas 2017 la …
Read More »Caribe Motors fè Roody Rood Boy kado yon Machin
Caribe Motors bay Asistans li a chanpyon kanaval Pòtoprens lan jounen Samdi 11 Mas 2017 la Reprezantan Caribe Motors la Jean Marc Lebrun bay Roody Rood Boy yon machin gri Suzuki. Suzuki ki se te youn nan Sponnsò Atis la te genyen ki t’ap sipòte l’ nan peryòd kanaval la ak fanatik yo, ki te fè l’ arive sakre chanpyon …
Read More »Komisè Pòtoprens lan Danton Leger ap mennen ankèt sou lanmò Prezidan René Preval ke anpil moun pran kòm yon mistè
Nan dat jedi 9 mas la, Mèt Danton Léger te deklare pakè a pral òdone plis tès sou echantiyon kèk ògan ak tisi y’ap pran nan kò dèfen prezidan an. Si pa gen an n Ayiti yon laboratwa ki kapab fè tès apwofondi ki nesesè yo, komisè a di li pral voye echantiyon yo nan yon laboratwa etranje. Chèf Pakè …
Read More »Laplanta chwazi pa bay kòb don ki te dwe al jwenn J-Vens la ankò
Vandredi ki te 3 Mas la Herve Laplante ki se te moun ki te angaje mande èd pou okipe J-Vens pibliye yon estati sou kont facebook li pou fè konnen Kòb J-Vens lan pral jwenn Òganizasyon ak Responsab lekòl ki andeyò yo. J-Vens nou konnen ki lopital depi mwa Septanm k’ap soufri aprè li te fin fè aksidan. Fanmi atis …
Read More »Sipòtè Guy Philippe yo mande Prezidan Sena Ayisyen an ak Prezidan Peyi a di yon Mo sou Dosye arestasyon Senatè a
Yon Komite k’ap sipòte Guy Philippe mande prezidan sena a, Youri Latortue, entèvni an favè Senatè-eli Grandans lan ki twouve l’ nan prizon Ozetazini sou akizasyon trafikan dwòg ak blanchiman lajan.
Read More »