Nan dat jedi 9 mas la, Mèt Danton Léger te deklare pakè a pral òdone plis tès sou echantiyon kèk ògan ak tisi y’ap pran nan kò dèfen prezidan an.
Si pa gen an n Ayiti yon laboratwa ki kapab fè tès apwofondi ki nesesè yo, komisè a di li pral voye echantiyon yo nan yon laboratwa etranje. Chèf Pakè Pòtoprens la ajoute:”Nou vle tès yo fèt pi vit posib pou n’Kapab elimine tout sispisyon ki genyen sou lanmò a”.
