Rex Tillerson ki se Sekretè Deta a, voye yon mesaj bay tout anbasad ameriken nan mond lan kote li mande yo pou fè reyinyon ak tout staff yo pou diskite sou lis nouvo mezi yo dwe konsidere avan pou bay kèk moun viza. Lòd sa a egzije biwo Etazini nan peyi etranje pou yo konsilte an pwofondè kont medya sosyal …
Read More »Tag Archives: Etazini
Etazini gen anpil chans pou kolabore ak Larisi si kondisyon yo reyini
WASHINGTON, DC — Sekretè Deta Etazini an, Rex Tillerson, fè konnen Washington ka kolabore ak Moskou nan sèten sikonstans. “Pandan n’ap chache ki jan nou ka antann nou, nou atann ke Larisi onore angajman li nan kad akò Minsk yo e travay pou redui vyolans la nan ikrèn,” se konsa Mesye Tillerson pale nan vil Bonn an n Almay, kote …
Read More »Militan yo k'ap pwoteste kont desizyon administrasyon Trump lan mande Imigran yo pa al Travay jounen Jedi 16 Fevriye 2017 la
WASHINGTON, DC — Ozetazini, divès gwoup k’ap defann dwa imigran lanse yon modòd kote yo mande imigran k’ap viv toupatou sou tèritwa ameriken an rete lakay yo, pa ale nan travay pandan tout jounen jedi 16 fevriye 2017 la, kòm yon mesaj y’ap voye bay administrasyon Trump lan pou montre li pwa imigran yo nan ekonomi amerikèn nan. Mouvman sa a …
Read More »Ansyen Prezidan Ameriken an Barack Obama denonse tout diskriminasyon sou kwayans ou relijyon
Aprè 10 jou kote Barack Obama te remèt pouvwa a bay Prezidan Donald Trump, jounen Lendi 30 Janvye a li sòti nan silans li pa vwa yon pòt-pawòl, pou ankouraje ameriken yo manifeste pou defann Demokrasi san li pa mansyone Donald Trump, ki siksede l’ 20 Janvye ki sot pase a. Pòt-pawòl ansyen Prezidan an , Kevin Lewis deklare nan yon …
Read More »Prezidan Donald Trump pare pou siyen yon dekrè sou konstriksyon yon Miray ant Etazini ak Meksik, ak Imigrasyon ilegal
WASHINGTON, DC —Prezidan ameriken an, Donald Trump, gen pou l’ pase lòd pou otorite yo konstwi yon miray toutolon fwontyè Lèzetazini ak Meksik la pou bloke antre imigran ilegal sou tèritwa ameriken an, limit admisyon refijye nan peyi a epi fè fas kare ak otorite vil amarikèn k’ap pwoteje imigran ilegal yo. Nouvo prezidan an gen plan pou l’ siyen …
Read More »Yon nèg ki ta Sanble gen maladi Mantal touye 5 moun nan ayopò Fort-Lauderdale la nan Florid
Ayopò Fort-Lauderdale nan eta Florid ki nan sidès Etazini relouvri pòt li aprè yon nèg ak zam te tire epi touye 5 moun e blese 8 lòt vandredi 6 janvye 2017 la. Atak la fèt nan seksyon kote pasajè avyon yo kon al reklame malèt yo. Ayopò For-Lauderdale ki trè frekante te oblije fèmen pòt li aprè atak la. Anplwaye …
Read More »Kiba pral kòmanse ekspòtasyon Chabon nan direksyon peyi Etazini
Chabon se pral premye pwodui peyi Kiba pral ekspòte legalman Ozetazini aprè 2 peyi yo te sot pase 50 lane san yo pa t’ janm gen okenn relasyon diplomatik e komèsyal. Nan yon antant istorik jedi 6 janvye 2017, konpayi ekspòtasyon leta kiben CubaExport anonse li pwal vann konpayi ameriken Coabana Trading yon chabon atizanal ki rele Marabou nan pri: …
Read More »