RKM Recordz se yon lebèl ayisyen ki jwenn egzitans li nan dat 09 Septanm 2009 Kwadèboukè, pa X ki se yon ansyen rapè, DJ, animatè Rap Kreyòl nan USA, ki te rejwenn yon patizan li ki te konn pwomot li lè li te konn fè rap, li te di pwomotè li a an n met men ansanm pou n’ envesti nan yon Lebèl tankou lebèl ameriken yo ki pap tankou pa nèg konpa yo, se konsa akò a fèt ki ba w’ RKM Recordz ki gen Jodi a. Premye deal yo se te 13 Oktòb 2009 ak ” God Bless ” aprè yo mete deyò ” Pale Cho ” . Avan yo te sèlman fè yon senp distribisyon aprè “Pale Cho” yo fè deal ak atis la, se te yon siksè trè kout koz tranblemantè 12 Janvye 2010 la ki te vin kanpe dewoulman pwojè yo.
Nan yon entèvyou PDG RKM lan te akòde nou ki fè ou jwenn tout detay sa yo sou Lebèl la ann li ansanm konvèsasyon X ki se PDG Lebèl la k’ap pote plis detay sou divizyon JaydeeB, P-Jay ak Toby Anbakè
@TKPNews: Le Grand X sakap fèt?
X: anfòm wi bro.
@TKPNews: se yon plezi pou nou frè pa m’ pou n’ rejwenn ou jodi a, sakap fèt kòman Lebèl la ap mache?
X: RKM ap byen mache nan silans aprè depa 2 dènye atis nou te siyen ki se JaydeeB ak Toby, aktyèlman la n’ap travay pou n’ mete deyò Burning ak Trinity ki se yon atis R&B Soul
@TKPNews: Oke X nou konnen RKM se yon Lebèl trè koni ki bay tout fòs li pou mete Rap nan nivo sa a, èske w’ ka di nou kòman Lebèl la te jwenn egzistans li?
X: Bon mwen se yon ansyen rapè DJ rap kreyòl epi tou Animatè rap kreyòl nan USA. an 2009 m’ te deside fè yon lebèl mwen te rejwenn yon bon patnè m’ ki te konn jere pwomosyon pou mwen lè m’ te konn rap mwen di misye an n envesti nan yon lebèl tankou lebèl ameriken ki pap tankou nèg konpa yo
@TKPNews: Kòman nou te kòmanse?
X: 29 septanm 2009 nou fonde RKM epi Oktòb nou fè yon deal ak God Bless 13 Oktòb m’ap pwofite di RIP BON FLO, epi 19 Novanm nou Mete “Pale Cho” deyò pou te ba misye yon distribisyon deal avan, aprè nou te fè yon deal atis ak misye se te yon siksè trè kout lakòz tranblemantè 12 Janvye a.
@TKPNews: nou toujou tande gen moun ki toujou ap pale mal de RKM y’ap di lebèl la se yon lebèl ki eksplwate atis anpil, gen anpil atis ki te kòmanse frape nan RKM ki pa kontinye tankou P Jay ak Toby, eske w’ ka fè yon ti pale nou de fonksyonnman RKM ak divizyon sa yo PDG?
X: Bon m’ paka di RKM eksplwate atis paske yon atis pa mennen anyen pou RKM nan HMI an atis rap pa jwe plis ke 1000$ e si w’ poko gen non 300/500$ ou gen yon ti popilarite 700/800$ pa vre, sou pèfòmans atis la gen 60% . Oke lè ke ou pral enprime 1000-10000 kopi CD 1000-10000$ 1000-10000 Postè 1000-10000$ 1000-10000 Flayèz 550$ 1000-10000 mayo 3000-30000$ 1000-10000 braslè 1500-15000$ Epi lebèl la gen 60% kesyon pa m’ pou moun k’ap voye monte yo konbyen kòb ou konnen yon atis rap ap fè nan yon vant sinyati? konbyen CD li ka vann ou panse lebèl la ap tire kòb li a nan atis la kote eksplwatasyon an la a? Bon pou divizyon P-Jay se te on delè de kontra ki pa t’ fèt epi m’ anile kontra a. Pou Toby m’ di Toby pa jwe san m’ pa konnen se pa monte sou track Ruthshell la li fè l’, m’ kanpe kontra a men m’ pa anile kontra Toby anba RKM e li dwe RKM tou
@TKPNews: Oke X m’ konprann ou baz, an reyalite se konsa pou l’ ye pou yon long egzistans RKM. Ta sanble se yon mank konpreyansyon atis yo ki fè yo pa mache sou prensip label la kòman w’ konstate sa?
X: JaydeeB ak Toby se Atis ki gen 10 lane nan game nan alò nèg sa yo toujou panse pa gen tan ankò pou yo fè Hit, yo lage nan ba w’ presyon pou yo di w’ ou pa jere bagay yo byen imajine w’ Toby m’ di misye RKM ap sòti w’ ak “Mwen pa ka zanmi Fi” men Toby pa vle li mande se pè di nwit li egzije la, m’ jis ba l’ sa l’ mande a, lè l’ wè pèdi nwit pa pase li mande pou l’ lage 3 minit boul nou lage l’ ankò fanatik pa bouje paske gen sa ki ka hit men yo pa ka single ou konprann mwen!
@TKPNews: Wi mwen konprann ou èske w’ toujou eksplike tout atis ki anndan an bagay yo konsa fason ou detaye finansman RKM yo?
X: Tout atis ki te la e ki anba RKM konn tout bagay wi m’ ka di w’ se sèl lebèl ki sèvi ak atis li konsa o kouran de tout sa k’ap fèt pou karyè w’
@TKPNews: Ok X men gen plizyè moun ki vrèman pa konprann anyen nan anyen ki jis ap voye monte fè kwè ke RKM se yon Rezo k’ap abize atis ayisyen, si w’ t’ap pale ak moun sa yo kisa w’ t’ap di de byen e mal?
X: Bon moun sa yo ka toujou di sa yo vle di paske 90% nan yo pa menm konn langaj mizik yo pa menm konn kijan pou vann yon atis yo pa memm konn yon plan marketing pou yon pwojè dèfwa gen moun ki opine m’ pap menm okipe men lè se agase w’ap agase e ou site non RKM RECORDZ si se devanm moun sa pap gen dan k’ ret nan bèk li Paske RKM se tankou pitit mwen, mwen envesti nan atis se pa pou m’ rich, si m’ depanse 2 a 4 mil dola pa mwa nan Rap kreyòl nan 7 lane sa a konte konbyen lajan m’ t’ap genyen. ou depanse 15 mil dola sou yon pwojè rap si w’ byen jere bagay yo ou ka fè 5mil back ki jan pou m’ fè eksplwate yon atis?
@TKPNews: Ant JaydeeB, P-Jay e Toby kiyès ou pa janm reve kontinye travay pou met deyò ?
X: Bon m’ pap janm di m’ pap travay ak yon atis, m’ gen plizyè ane depi mwen gen plan pou P-jay pou n’ te jere kèk pwogram men li ka pa disponib pou mwen, men se li k’ap afekte. JaydeeB se yon bon patnè li jis enfliyanse pa zanmi l’ ak mataryèl tou, li gen anpil talan men se plis materyèl li wè. Pou Toby li menm m’ pa gen pwoblèm avè l’ men pou djòlè ou mèt kwè m’ karyè misye rete kote l’ ye a
@TKPNews: Sa vle di Toby pap konnen yon gran siksè ke sa?
X: Non aprè “Plis ke love” ki fè pale anpil de li ou wè m’ap fè sure sa wi bro, m’ap fè l’ peye bouch li
@TKPNews: Oke X èske Toby konn sa w’ di a? Kòman ou ka anpeche l’ fè yon pi gran ekla?
X: li konn kiyès ki X la byen se sa k’ fè yo di w’ pa janm ede malere lè l’ gen lajan se nan figi w’ l’ap krache. Vanessa jwenn plis ke Toby jwenn sou Track Plis ke love la.
@TKPNews: Nou swete w’ kouraj pa lage malgre difikilte ke RKM Recordz plis ke sa k’ la jodi a. Mèsi!
X: Non monchè sim fèmen RKM la m’ap rich wi men m’ pa vle jere konsa bro RKM ap rete sèl lebèl an n ayiti
@TKPNews: Oke X se te yon plezi pou nou paske w’ te akòde nou entèvyou sa a, mèsi anpil frè m’
X: Respekte bro.