Faco Leaves, Yon jwèt videyo Ayisyen Fè

Se yon plezi pou nou nan Ti Kwen Pam News pou prezante w yon nouvo jwèt videyo Ayisyen Fè, Faco Leaves. Nou pran kontak ak devlopè jwèt sa pou ba nou detay sou pwodwi a epi pou ede w ou menm ki ap li atik sa a aprann konnen kisa Faco Leaves ye, kòman pou jwe li e ki kote w’ap jwenn li pou telechaje. Nou te prepare kèk kesyon pou yo, e yo pran plezi reponn nou pou kè kontan w. Men kesyon yo:

  1. Kiyès nou ye?
  2. Kisa Faco Leaves ye?
  3. Kote moun ap jwenn li?
  4. Èske nou konte devlope li pou lòt platfòm aprè Android?
  5. E kòman pou moun jwe li?

wpid-screenshot_2015-04-21-16-55-58.png

“Nou se yon nouvo konpayi teknoloji an n Ayiti ki fokalize sou devlopman jwèt videyo. Nou develope lòt jwèt deja ki disponib sou kèk platfòm tankou Android ak PC (Personal Computer). Nou bay tèt nou non 44Game, daprè enpak chif 4 la fè nan lavi nou pèsonèlman.

Nou lage premye vèsyon Faco Leaves pou Android sèlman pou kounye a men Faco Leaves ap disponib sou lòt platfòm tankou Web (teknoloji HTML5 navigatè tankou Google Chrome ak Firefox), PC ak iOS (pwodwi Apple yo).

Faco se yon nouvo karaktè ke nou envante, e nou pral fè lòt jwèt avèk li ankò. Se yon karaktè orijinal ki pwòp ak nou.

Faco se yon ti chen ki trè entèlijan. Nan jwèt sa a Faco ap fonksyone ak fèy (Leaves an n anglè) pou li fè posyon pou li vole, pou li flannen nan lespas epi amize li. Gen posyon li fè pou li kouri pi rapid, gen lòt se pou li reviv e lè li pèdi fòs li tonbe atè. Li gen parapli li pou li pwoteje tèt li kont lòt obstak ki ap vini sou wout li.

Nou ap travay seryezman pou nou lage Faco Leaves pou platfòm iOS la spesyalman iPhone, iPad ak Apple Watch. Men devlope jwèt videyo trè egzijan e sa mande anpil depans pou materyèl, tan nou ak lòt sèvis nesesè. Nou ap pwofite envite tout sponnsò ki enterese ak pwodwi sa a pou kontakte nou, n’ap negosye avèk yo. (Kontak yo pi ba)

Pou jwe Faco Leaves li vrèman fasil, jis tape ekran telefòn nan obyen tablèt ou a pou ede Faco vole pou li ranmase fèy pou li ka fè posyon. Plis ou gen posyon plis ou ap rive pi lwen.

Pou telechaje Faco Leaves pou telefòn ak Tablèt Android nou, vizite paj Faco Leaves sou Google Play sou lyen sa a: https://play.google.com/store/apps/details?id=com.fourty4game.facoleaves. Lè w fin telechaje epi enstale li, chèche epi ouvri li pou kòmanse jwe. Happy gaming!

Pou rantre an kontak ak 44Game, ekri nou pa imel sou [email protected] oubyen rele/ekri sou WhatsApp nan nimewo sa a +509 3657 1014.


Men kèk imaj Faco Leaves pou ba w yon ti gou de sa w’ap jwenn lè w telechaje Faco Leaves:

Faco Leaves Faco Leaves

Faco Leaves Faco Leaves

Kite yon kòmantè sou atik sa a pou di nou sa ou panse de Faco Leaves e ki opsyon ou ta renmen wè ajoute nan nouvo vèsyon bèl jwèt sa a. 😉

Check Also

Microsoft Edge, Se Nouvo Navigatè Ranplasan Internet Explorer A!

Microsoft te premye revele plan pou nouvo navigatè li a an janvye. Li te konnen …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *