Twitter kòmanse fè kèk ti modifikasyon nan opsyon mesaj dirèk li a, pou bay itilizatè yo ki pap swiv youn lòt yon fason an plis pou pale an prive. Itilizatè yo ka reponn nenpòt moun ki voye yon mesaj dirèk ba yo, menm lè itilizatè a pap swiv yo tou. Oubyen yo ka deside resevwa mesaj dirèk nenpòt moun ki sou rezo a. Pandan nouvo opsyon sa yo ta sanble fasilite spam, li plis fèt pou ede gwo konpayi yo jere kliyan yo sou sit la. Posiblite DM (voye mesaj dirèk) bay moun ki ap swiv yo ka trè itil pou fè diskisyon piblik yon ti jan plis prive. Yon mizajou pou App Twitter sou iOS ak Android ajoute yon bouton mesaj dirèk la sou pwofil itilizatè yo pou fasilite aksè a.
Twitter di li kontinye bati baz pou yon gwo eksperyans itilizatè sou platfòm nan, men anpil itilizatè pral bezwen plis chanjman pase sa. Modifikasyon sa yo swiv opsyon pou voye mesaj nan gwoup itilizatè Twitter te ajoute pi bonè nan ane a. Malgre sa, mesaj dirèk la itil pou ekri yon moun ou konnen pwofesyonèlman ou ka pa vle ajoute sou Facebook. Bon si yo te ka retire limit nan longè tèks la tou, sa t’ap bon nèt 😉
Di nou sa w panse nan kòmantè yo.