Ayiti: Nan Kad yon ankèt kont koripsyon 12 moun jwenn Arestasyon yo

Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal yo Max Rudolph Saint Albin deklare nan laprès lajistis fè 12 arestasyon, sezi plizyè ekipman nan kad operasyon pou demantibile yon rezo malfektè k ap fonksyone nan administrasyon piblik la ak sektè prive a.

Rezo sa a espsyalize nan fè fo chèk, paspò ak fo kat kredi lokal e entènasyonal. Daprè minis la, rezo sa a kreye yon seri konpayi zonbi pou blanchi lajan an. Minis Saint Albin di gouvènman an pran angajman pou l trennen devan lajistis tout moun ki enplike nan fè move zafè.

Minis Saint Albin ajoute: “se yon rezo k ap fonksyone nan peyi a depi plizyè lane.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *