2 Ameriken Dorijin Ayisyen eli konseye Minisipal nan Boston

Pati demokrat Lèzetazini an ap selebre viktwa li ranpòte nan eleksyon pou pòs gouvènè nan eta New Jersey,eta Virjini ak nan Boston. Natacha Clerge ak Dalancourt, 2 ameriken dorijin ayisyèn ranpòte laviktwa nan minisipalite Brockton ak Randoph eta Massachussetts.

Kandida demokrat Ralph Northam ranpòte laviktwa pou pòs gouvènè nan eta Virjini, kote li bat kandida repibliken Ed Gillespie, pou l ranplase gouvènè demokrat sòtan an Ted McAuliffe.

Obsèvatè yo kwè viktwa doktè Ralph Northam nan se yon defèt pou stil politik prezidan Donald Trump ki kreye divizyon Ozetazini. Pandansetan, prezidan Trump, k ap fè yon virewon nan 5 peyi sou kontinan azyatik la, mete yon mesaj sou kont Twitter li a pou l di :”kandida repibliken Ed Gillespie te mennen yon kanpay sere, men li pa t anbrase m epi li pa dakò ak pozisyon mwen pran nan politik.”

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *