Yon nèg louvri kout zam sou fidèl yon legliz batist nan Surtherland Hills ki nan sid eta Tegzas, dimanch 5 novanm 2017 la vè 11 zè nan maten, nan atak sila 26 moun mouri pou pipiti e plis pase 20 lòt blese lè
Ajan FBI ak biwo ki responsab dwòg ak alkòl, tabak ak zam sou plas kote y ap mennen ankèt pou konnen ki sa ki pouse yon nonm fè yon aksyon konsa.
Prezidan Trump ki t ap reyaji sou ensidan an depi nan Tokyi peyi Japon te fè konnen atak nan legliz la. Se yon zak satan. Nan yon lòt deklarasyon lidè ameriken fè bonè lendi 6 novanm li di se pwoblèm mantal ki alabaz atak la.