Konsonsyòm Nasyonal Pati Politik Ayisyen, branch Plato Santral, plede pou Prezidan Jovenel Moise ak lidè politik nan gwoup opozisyon an chita pale ansanm pou negosye e jwenn yon altènativ pou retire Ayiti nan kriz politik, ekonomik lap travèse a.
Edouard Ambroise, responsab kosonsyòm nan rejyon Plato Santral la e manm kowòdinasyon nasyonal pati politik yo di li kwè pèp la fin remèt pouvwa ak yon gwoup eli pou deside nan non li. Mesye Ambroise enimere pou l di peyi a genyen grangou, mizè ki tabli nan anpil fanmi. Nan sans sa a, li estime meyè solisyon an, fòk Prezidan Moise ta marye pwogram karavann lan avèk kredi agrikòl yon fason pou ede peyizan yo jwenn lajan prete pou yo kapab travay latè pi byen. Sepandan, lidè politik Plato Sentral la di li rekonèt dwa opozisyon an genyen pou l manifeste men sa ta dwe fèt sans vyolans