Toppy X Pa sispann Pwodui

TOPPY X se yon sòlda enfatigab, rapè vedèt RockFam ki gen yon talan animatè tou. Tout moun ki konn patisipe nan pakou kanaval yo oubyen gade yo sou televizyon konnen byen sa m’ di a.

Toppy X se youn nan atis RockFam ki travay plis e pwouve efò l’ nan mete 2 albòm deyò, premye albòm nan tit li se te “Mwen Pap Fè Back ankò”. Mizik ki te anonse Albòm nan se pote menm non an tou. Se te yon kolaborasyon ak Gray Nouvo-Né, se te yon bèl track tou. Toppy X te gen plizyè mizik solo ke l’ te travay avan li te arive sòti albòm li an nan dat 19 Avril 2014 nan jou fèt nesans li. Lè sa a li t’ap selebre 35èm anivèsè li.

1 ane 5 Mwa aprè Toppy X sòti 2èm albòm li “Another Level” nan okazyon Onzyèm (11zyèm) anivèsè RockFam Lame-a. Se te yon mobilizasyon Manch long kote tout Mafia yo te pote sipò yo bay atis la. Gen plizyè lòt atis ki t’ap sipòte l’ tou tankou Fantom Barikad ki t’ap ankouraje tout melomàn achte albòm Toppy X la. Te gen lòt atis toujou tankou Tony Mix ki gen vwa l’ sou albòm nan, Roody Rood Boy, Oky Jems ak Gérald K-zino.

Tout atis sa yo t’ap soutni tèt mouchwa nwa a yon fason pou albòm nan te ka gen anpil moun achte l’. Toppy X pa janm sispann pwodui aprè kèk videyo li te met deyò sou tou 2 albòm yo tou, li fèk sòti yon nouvo videyo ki se “It’s Okay” yon mizik ki plase an 9èm pozisyon sou albòm “Another Level” la.

It’s okay feat. Oky Jems, sou mizik sa a nou wè OkyJems fè yon travay ekstrawòdinè, ansyen chantè King Posse a enpoze l’ rapidman ke ‘l se chantè polivalan ki kapab entèprete konpa, zouk, rap, reggae ak dancehall. Misye se yon nèg ki konn kòman yo fè mizik e nou panse ke se youn nan rezon ki fè Toppy X te chwazi envite Oky sou albòm nan.”

Ekri pa: Jamesly Pierre (Popularité Stars) tel: +509 3406-3041

Pou Ti Kwen Pam News

Check Also

Shabba ft D-Perfect__Me no cry for you

Télécharger Me no cry for you__Shabba ft D-Perfect

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *