Caitlyn Jenner, ki se ansyen olenpyen Bruce Jenner ki tounen fanm, fè yon rekò mondyal jodi lendi a pou kont Twitter ki gen anpil swivè byen rapid. Li fè yon milyon swivè nan 4è 3 minit sèlman.
Barack Obama te fè rekò pa li a nan mwa me a.
Jenner voye premye twit li lendi a 9:17 a.m — kote li poste yon foto kouvèti li fè pou Vanity Fair, ki ekri sou li “Call me Caitlyn”, ki vle di “Rele m Caitlyn” — li rive fè yon milyon swivè a 1:20 p.m.
Nan premye èdtan an, Jenner fè 280 000 swivè. E chif la pa t sispann grandi. “Caitlyn Jenner” te kòmanse popilè sou Twitter kèk minit sèlman aprè li enskri.
— Caitlyn Jenner (@Caitlyn_Jenner) June 1, 2015
I'm so happy after such a long struggle to be living my true self. Welcome to the world Caitlyn. Can't wait for you to get to know her/me.
— Caitlyn Jenner (@Caitlyn_Jenner) June 1, 2015
Depi lè li enskri a, gen plis pase 1.5 milyon twit ki pale de li, ladan yo gen anpil sipò itilizatè rezo a.
Obama te fè dènye rekò a jou ki te 18 me a, lè li te fè 1 milyon swivè nan anviwon 4.5 èdtan. Avan Obama, rekò mondyal Guinness la se te Robert Downey Jr., aktè ki jwe Iron Man nan ki te fè li ak yon milyon swivè padan 23 zè 22 minit nan ane 2014.