Nan Las Vegas, Nevada, yon nèg ame louvri kout zam sou yon gwoup moun nan yon night club dimanch swa premye oktòb pou rive lendi 2 oktòb 2017 la, kote li touye aviwon 50 moun e blese plis pase 200 lòt.
Asayan an te nan 32èm etaj yon kazino otèl anfas night club la. Lapolis te lokalize li nan lye sa a kote li te pran pozisyon ak plizyè gwo zam de gè ki tire lwen pou l te komèt zak asasinay san parèt sa a. Atakan an mouri nan echanj kout zam ak inite espesyalize Polis Las Vegas la, SWAT Team. Otorite yo fè konnen y ap chache yon fi ki te avèk sispèk la ki se yon gason ki gen 64 lane sou tèt li.
Evènman sanglan sa a se pi gwo zak asasinay ki rive nan peyi Etazini depi yon bon bout tan. Prezidan Donald Trump poko fè oken deklarasyon nan laprès sou sa, sepandan, lidè ameriken an voye senpati li sou Twitter bay fanmi viktim yo bonè maten lendi 2 oktòb la.
