Senatè Antonio Cheramy di ti gwoup Prezidan an mete deyò pou goumen ak pèp la ap viktim

Jodi vandredi 22 Septanm lan, Senatè Lwès la Antonio Cheramy te envite nan yon emisyon Radio nan kapital la pou te pale de manifestasyon jodi a

Selon Senatè a jan yo te prevwa yon manifestation jodi vandredi sa a ki pral akeyi Prezidan depi nan èpòt k ap soti Ozetazini, yon akèy pou yo fè Prezidan an tande vwa yo k ap di non kont Bidjè 2017-2018 la.

Senatè lwès la fè kwè gen patizan pouvwa a ki gentan sou plas ak mayo Blan, Woz, Wouj sou yo ki make y ap defann pouvwa yo ak militè Woz yo ki gen gwo zam nan men yo, selon senatè se yon konfwontasyon Prezidan Peyi a ap prepare kenpòt sak rive se sou kont Jovenel Moïse deja gen anpil moun ki viktim pa bal kawoutchou nan jou k pase yo, manifestasyon jodi a pral mande jistis pou yo .

 

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *