Majorite imaj k ap sikile sou Rezo sosyal yo pa fòseman gen rapò ak konfli ant Dominiken ak Ayisyen k ap viv Sendomeng, dèfwa se menm frè, sè Ayisyen parèy nou ki vle fè kè nou kase ki jis itilize kèk imaj masak ki te fèt lontan swa an n Ayiti oubyen nan Peyi ki gen nwa menm jan ak nou patikilyèman an n Afrik yo pran imaj sa yo pou fè w konnen se sa k ap pase nan sendomeng, pi souvan se politisyen ki plede ap fè travay sa a, yon woulib pou fè w kwè ke leta ayisyen pa vo.
Brèf “Pa itilize imaj ki pa afime konsènan sa k ap pase nan peyi vwazen an”
Fè mesaj sa pase pou anpeche gwo enpak sa ka koze nan lavi frè ak sè nou yo sitou sila yo ki pa ka pran sezisman
Mèsi