Biznis Spotify te toujou santre alantou mizik, men byento konpayi ka kòmanse entegre videyo nan sèvis li. The Wall Street Journal fè konnen Spotify kòmanse ap negosye ak konpayi ki spesyalize nan kreye kontni pou YouTube. Spotify nan chita pale ak yo pou achte kontni ki la deja epi fè patenarya ak konpayi sa yo pou pwodwi videyo orijinal pou sèvis la. Yon mouvman ki ka debouche sou yon nouvo teritwa pou Spotify.
Konpayi rival Spotify, Tidal, enkli aksè ak videyo nan plan li yo, e ap planifye pou difize regilyèman konsè an dirèk ak kontni esklizif a kliyan li yo. Sèvis Music Key Google la pèmèt kliyan ki gen plan nan sèvis Play Music la gade milyon videyo mizik san piblisite sou YouTube. Men gen lòt esè ki pa t rive reyisi; tantativ Rdio pou li entwodwi yon magazen videyo Premium te yon echèk total kapital e yon eksperyans ki pa t dire lontan. Biznis videyo ka swa yon bon bagay pou itilizatè yo tankou jan Google ak Tidal ap eseye fè a, oubyen yon yon echèk total tankou nan ka Rdio a.
Pi bonè nan semèn nan, Spotify te voye envitasyon pou yon evènman pou laprès ki ap fèt jou ki ap 20 me a, men li poko fin klè si konpayi a ap kòmanse pale de ide videyo li yo. Jounal Wall Street kontinye fè konnen konpayi Spotify ap fè plan pou antrepriz videyo li a.