Aprè ankèt nou mennen sou koze kòb Wendyyy te prete nan men Young lan nou twouve Wendyyy koupab, tout sa Wendyyy te di nan pòs li te poste sou Paj Facebook li a se manti kote li t’ap di li pa rekonèt Lexx Young Heat, se kòb Feat li te resevwa li vin pa deside feat ak ti atis santi pise li remèt kòb la, n’ap fè w’ konnen selon Young jiskaprezan Wendyyy poko bay kòb la.
Kiyès ki Lexx Young Heat la?
Lexx Young se yon jèn atis ayisyen k’ap viv aletranje li se yon Videographer, konpozitè, rapè li fèt Okap, li kite Peyi D Ayiti depi lè li te gen 2 lane, nan yon entèvyou li te akòde ekip Ti Kwen Pam nan pou Ribrik aktivite atis yo, li fè konnen ke Papa li se te yon DJ ki pa tèlman popilè men anpil moun te konnen l’ nan depatman nò a alepòk yo t’ap itilize CD.
Lexx Young se yon atis ki renmen mizik anpil, mizik la nan li se nan mizik l’ap pase tout tan l’ daprè sa l’ di nou, li te nan yon gwoup ki te trè rekonèt nan vil kote l’ ye a chak lè Carimi, Gabel ak kèk lòt Djazz vin jwe se Gwoup li a yo pran pou kòmanse kreye animasyon, men nan moman sa yo se te an anglè li te konn chante, pa twò lontan 2011 pou 2012 li vin jwenn konsèy yon frè li ki t’ap fè rap an n Ayiti ki te di l’ Rap Kreyòl pi bon pou l’ fè mizik li yo an kreyòl, se konsa yo te panse fè Mizik ak kèk atis ayisyen ke popilasyon ayisyèn nan deja konnnen, yo te chwazi Fantom, Wendy, Baky. Pou yo te kòmanse ak feat yo, yo te kontakte Wendyyy avan sou facebook yo atann yo epi Wendyyy sòti yon track ak li ki titre “Mwen Pa Konprann” aprè yo te vin panse sòti yon lot 2zyèm mizik ansanm, Wendyyy te vin pa gentan koz li t’ap travay albòm li, se menm albòm sa a ki fè Wendyyy te vin prete yon kòb nan men l’ pou l’ te ka jere kèk bagay pou albòm nan, se menm kòb sa a ki fè l’ gen gwo pwoblèm ak Wendyyy jounen Jodi a.
Bi prensipal ki fè nou te kontakte Lexx Young se jis pou n’ te ka jwenn plis enfòmasyon de bif ant li ak Wendyyy a, an n’ li ansanm konvèsasyon Ekip la ak Lexx Young pou konn plis bagay de koze lajan an.
@TiKwenPam: Atis sakap fèt?
Lexx Young: Yeah rèd bro!
@TiKwenPam: Nou tande yon pawòl k’ap pale de Wendyy te gen yon kòb pou ou li pa t’ vle ba w’ li, kòman ou ka eklèsi nou de sa ?
Lexx Young: se yon plezi pou mwen pataje enfo a avè w’, mwen te kontakte Wendy an 2015 pou yon kolabo, aprè tout negosyasyon nou te fin pa rive yon antant klè e nou te vin fè yon mizik ki rele “MW PA KONPRANN” an 2016 aprè nou toujou ret konekte ap pale de lòt projè aprè mwen te vin gen yon kòb mwen prete li l’, se te 3000 Dola, dèle li te ban m’ pou l’ remèt li a pase, l’ap Woule m’ mwen toujou ap rele l’ pou kòb la aprè li block number mwen, lè m’ wè li fè jès sa a mwen twouve li pap remèt mwen li ankò. konprann byen kòb la nan men l’ komansman 2016, m’ fè tout ane a ap mande l’ m’ pa janm jwenn repons pou kounya, mwen deside chanje faz paske kòb mwen deyò mwen fè yon freestyle ki rele Beef kote mwen site non l’ lè l’ fin tande l’ li kòmanse rive sou mwen aprè li fè konnen li pa dwe mwen, e li di mwen se ti atis li pa konnen m’ se pou yon track mwen peye l’ li pa chante ak ti atis li voye kòb la back, ki sans sa gen la? An 2016 MW PA KONPRANN sòti kote l’ feat sou li sou paj li, li share link lan nan moman li te sòti an, kòb la te rive jwenn li pa PAYPAL
@TiKwenPam: Sa vle di Wendyyy poko janm remèt ou kòb la?
Lexx Young: Non misye poko janm remèt li, m’ wè l’ monte sou facebook di li remèt kòb joure m’ rapè santi pise bagay anpakèt shit! Misye di se Veso m’ap lave tandiske misye te vin la li wè nan yon ti zile lajanm m’ rete, misye konn sa m’ ye li t’ap plede di m’ pou bay Cigey fè videyo, m’ di misye se sa m’ fè tou m pa gen pwoblèm sa. Moun k’ap lave veso yo tou gen dwa pa gen talan pou chante men yo gen kòb pase w’ isi kote m’ ye a taks la pa wo se yon ti zile lajan l’ ye, depi yon moun fin edike la ou ka fè lajan.
@TiKwenPam: Ki kote w’ te rankotre Wendyy?
Lexx Young : Se sou facebook mwen te kòmanse pale ak misye aprè sa misye te antre nan blòk mwen
@TiKwenPam: Èske w’ gen foto ou fè ak Wendyyy?
Lexx Young : Non paske se pa t’ sa k’ te entèrese m’,li nan mouvman mizik m’ nan mouvman mizik, se pa foto m’ ap wè pou fè avè l’ sa ka rive yon moun renmen l’ anpil anpalan de fanatik epi yo fè foto avè l’ mwen m’ pa rayi l’ men se pa sa m’ap defann se pa konsa m’ wè mouvman an
@TiKwenPam: Kòb la Wendyy te prete a pou l’ te fè kisa ?
Lexx Young: Se pou misye te jere kèk bagay pou albòm li an ki t’ap al sòti ki fè l’ pa t’ gentan pou l’ te travay dezyèm mizik m’ t’ap feat avè l’ la
@TiKwenPam: Nan bif ou ye ak Wendyy a ki lè l’ap fini
Lexx Young: Bif la fèk kòmanse li poko ap fini tout tan misye pa remèt mwen kòb mwen.
@TiKwenPam: Oke Lexx Young se te yon plezi pou n’ te fè ti pale sa ansanm mèsi yon lòt fwa ankò.
/strong