Jounen Dimanch 7 Me 2017 la nan yon entèvyou Franco Love Federo te akòde ekip Ti Kwen Pam lan, li ba nou kèk ti enfo ki ta dwe yon sipriz sou pwojè l’ yo k’ap vini ak opinyon l’ sou avni mouvman rap la an n Ayiti.
Franco love ke nou konnen ki se yon jèn rapè ayisyen ki toujou ekri mizik sou reyalite peyi a, tankou : «Polis vs Bandi», «Hit san lajan» ak lòt ankò ki trè reyèl. Nou ka di Franco Love se youn nan atis k’ap goumen pou chanje sosyete nou an atravè mizik li yo. Pou verite Blaze One ak Franco Love se yon modèl nan mouvman rap kreyòl la paske yo jwenn Hit yo de fason orijinal.
Aprè anviwon 2 Mwa depi atis la te anonse premye albòm li ki t’ap gen pou tit “100% Malè Pandye” ki pap pote tit sa a ankò selon konsta atis la aprè yon chita pale. Pou l’ fè fanatik yo konnen l’ap travay li sòti “Ba l’ yon tit” ki se yon mizik li ekri pou mete medam yo an valè nan tout sans, espesyalman fanm ayisyèn.
Nan lide pou fè w’ konnen sakap pase nan mizik an n ayiti e tout sa ki gen rapò a kilti, Ti Kwen Pam kòm ekip angaje te oblije kontakte gwo atis sa a. An n’ li ansanm entèvyou Ekip la ak Franco Love Federo.
@TiKwenPam: Franco Love sakap fèt?
Franco Love: Anfòm, anfòm Ti Kwen Pam
@TiKwenPam: Oke Atis rezon ki fè nou kontakte w’ Jodi a, se jis pou w’ ba nou kèk detay sou aktivite w’ yo, puiske w’ te anonse yon albòm aprè kanaval jiskaprezan nou poko jwenn li sak pase?
Franco Love: Ou konnen bagay yo pa osi fasil, se pa jis fè mizik met sou yon CD n’ap jere sponsor yo tou
@TiKwenPam:Ki tit albòm nan?
Franco Love: Nan yon premye tan Albòm nan t’ap pote tit 100% malè pandye, aprè kèk chita pale epi jan fanatik yo wè m’ nan HMI la, n’ap rele albòm nan “Diferans“, l’ap gen 15 Mizik sou li.
@TiKwenPam: Konbyen rapè ki sou li e ki atis lòt tandans n’ap jwenn sou li?
Franco Love: N’ap gen anpil feat tankou Blaze One, DRZ, Roody Roodboy ak kèk jèn ke moun poko konnen, epi n’ap gen Reginald Cange sou albòm nan
@TiKwenPam: Oke kòman w’ wè rap la pou jou k’ ap vini la yo, sa ki konsène de avni?
Franco Love: haaaaa si se Jan l’ ye la avni an ap dwòl, m’ swete nèg yo plis kolabore paske se mouvman an ki fè tout nèg sa yo ye jodi a, se li k’ ba yo valè nan sosyete a kounya nèg yo pa wè mouvman an, yo wè yo menm yo tout ta dwe konprann ke rap la se yon mouvman jèn li ye fòk yo kenbe l’ pou yo pa kite l’ mouri.
@TiKwenPam: Bòkote pa w’ kòman bourad la ap ye pou mouvman plis respekte e pou l’ pa mouri?
Franco Love: Travay pa m’ se kontinye lage track e fini albòm nan
@TiKwenPam: Daprè ou albòm pa w’ la pral resisite mouvman rap lan?
Franco Love: M’ paka di albòm mwen an pral resisite mouvman an, men l’ap yon may nan chenn nan ki ap ede l’ pran figi l’, epi m’ swete lòt atis yo ede jèn talan yo parèt paske mouvman an mande relèv, Mouvman an bezwen men sou tout fòm, ni bòkote sponsor yo ni bòkote atis yo, sponsor yo ta dwe wè bagay yo diferan tou, paske anpil lòt atis gen talan, yo gen viziblite yo ka vann sponsor yo tou. Se youn nan rezon ki fè game nan gen dekourajman, sponsor yo kanpe ak moun yo te deja ap sponsorize, yo pa pran nouvo atis, lè atis la ap viv de ti pwogram li jwe sèlman li pa sifi pou l’ viv avè l’ e souvan se menm ti kòb sa yo nèg la ap peye estidyo, lwe machin pou l’ kontinye projè li( grès kochon k’ap kuit kochon an)
@TiKwenPam: Oke vrèman, nou toujou tande ou di chak mizik ou sòti se hit, ki jan ou santi dènye mizik “Ba l’ Yon Tit” la ap pase sou tout repiblik la?
Franco Love: Ba l’ yon tit poko ateri ase men li gen ti diskisyon nan lari a, videyo a pral itil li anpil
@TiKwenPam: Nou panse ke se yon videyo ke anpil moun anvi gade, Kilè ou konte sòti videyo a?
Franco Love: Videyo a ta dwe sòti fen mwa sa a
@TiKwenPam: Aprè w’ fin sòti videyo a èske w’ap sòti yon lòt mizik oubyen w’ap kontinye travay pou met albòm nan deyò?
Franco Love: M’ gen entansyon sòti yon lòt, sa pral depan. Men m’ap kontinye frape sou albòm nan
@TiKwenPam: Daprè ou pami tout mizik ou ekri kiyès nan yo ki gen plis reyalite peyi a ladan l’?
Franco Love: Mizik ki gen plis reyalite peyi a se “Hit san Lajan”
@TiKwenPam: Oke, Ekip Ti Kwen Pam nan remèsye w’ atis pou entèvyou sa a ou te akòde nou, ba nou yon mo fen ki kapab yon mesaj ou yon senp ti pawoli sou aktivite mizik ou, ou lib tou pou di sa w’ vle.
Franco Love: Mo lafen an se, ” Mwen swete Rap kreyòl pran figi l’ “