Steevie Dogg re-anonse Track Nou La Pirèd la, li fè kwè ke se bòykotaj ki fè li pa t’ gentan sòti l’

Steevie Dogg se yon jèn Rapè ayisyen ki te fè pale anpil de li alepòk 2008, 2009, konsa an 2010 tou, li se premye atis ki te antre avèk rap leyogàn selon sa nou konnen e sa li di nou, li te arive jwenn popilarite l’ atravè plizyè bèl Mizik li te mete deyò, tankou: “Fanm Kreyòl” e “Mwen Renmen w'” an kolaborasyon Black Fanfan

Jounen Dimanch 14 Mai 2017 la nan yon entèvyou li te akòde Ekip Ti Kwen Pam nan pou ribrik konnen aktivite atis yo, li fè konnen ke l’ap travay di pou satisfè fanatik li yo ki toujou ap sipòte l’ malgre long poz li nan mouvman an, li te pwofite re-anonse yon nouvo Track li ta dwe mete deyò depi Novanm 2016, anplis de sa li fè konnen se Bòykotaj ki sòti bòkote Magic Touch ki fè li pa t’ gentan finalize pwojè a pou l’ vanse

Nan li de pou n’ fè w’ konnen aktivite atis yo nou te oblije kontakte Steevie Pou te konn kòman l’ap bouje, an n li ansanm konvèsasyon ekip la ak Steevie

@TiKwenPam: STEEVIE sakap fèt ? Nou se Ti Kwen Pam, Ribrik konnen aktivite atis yo ki frape pòt ou.
Steevie Dogg: Anfòm bro, Mwen kontan paske nou rejwenn mwen, mèsi pou kouraj nou.

@TiKwenPam: Oke Steevie, sa ka gen anviwo 6 a 7 mwa depi ou te anonse yon dènye Track Titre “Nou La Pi Rèd” èske w’ ka di nou nan ki nivo ou ye ak li nan moman an?
Steevie Dogg: Nou te kòmanse travay di pou n’ te fini ak pwojè sa a men bòykotaj fè n’ pa t’ ka ateri, men, m’ garanti w’ 25 Mai k’ap vini la n’ap sòti mizik “Nou La Pi Rèd” la kanmenm.

@TiKwenPam: Bòykotaj sa a ou di nou an ki kote l’ te sòti?
Steevie Dogg: Bòykotaj la sòti bòkote Magic Touch ki te kòmanse travay mizik la avè m’, daprè konsta m’ e sa misye fè, m’ reyalize ke si se misye ki pwodui m’, mwen ka mal pase, pou byen di w’ misye ap jere yon bagay ti zanmi paske m’ ap frape Wendyyy atravè mizik mwen ki toujou panse li se Wa, Misye pa gen pyès respè pou gran, yon nèg tankou m’ ki te antre Rap Kreyòl Leyogàn. Mwen menm nan mizik pa m’ mwen fè konnen ke Fantom pa papa nan Rap Kreyòl men fantom se yon nèg mwen gen anpil respè pou li si Rap Kreyòl rive la jodi a se gras a Rock Fam e Barikad ak sa nou te fè nan epòk nou se sak fè, yon nèg ki san respè pou lejand sa yo ap oblije anfas mwen.

@TiKwenPam: Oke èske se Magic k’ap kontinye travay pou mete w’ deyò?
Steevie Dogg: Non mwen pa kontinye travay lakay misye, menm kèk beat mwen te ba l’ fè pou mwen m’ ba yo vag, se yon lòt travay m’ te oblije fè lakay M-Mix ki fè mwen ka re-anonse Track Nou la Pirèd la.

@TiKwenPam: Aprè yon long poz ou nan mouvman an kisa w’ konte fè pou gade hit la?
Steevie Dogg: Objektif mwen se travay ki se sa m’ kòmanse fè la, trè byento m’ap gen yon konferans pou laprès fòk nou la, Ti Kwen Pam se Rezo ki jwenn premye envitasyon an, m’ap kenbe kontak nou pou m’ ba nou dat la.

@TiKwenPam: Èske w’ gen pwojè sòti albòm?
Steevie Dogg: Wi, se sou sa m’ kòmanse travay la, n’ap fè yon melanj de ansyen ak nouvo pwojè yo pou n’ gen albòm nan.

@TiKwenPam: Èske pap gen posiblite pou n’ ta jwenn videyo “Nou la Pi rèd” la aprè w’ fin sòti mizik la? piske sa fè lontan fanatik yo pa gen yon Steevie y’ap gade sou ti ekran yo.
Steevie Dogg: Wi, nou deja gen posiblite a sèlman kèk bagay n’ ap fin jere aprè pou n’ avanse vè Videyo.

@TiKwenPam: Kijan w’ konprann mouvman rap la nan moman an?
Steevie Dogg: Kounya bagay yo totalman chanje parapò alepòk nou t’ap frape rèd, kounya rapè jwenn viza ap Vwayaje epi tou mouvman an pa t’ gen kòb pri yon nèg t’ap jwe se te 200 Dola ameriken, yon sèl fwa m’ sonje m’ te jwe okap pou 400 Dola ameriken jounen jodi a pri sa yo prèske pa egziste.

@TiKwenPam: Oke se te yon plezi pou n’ te genyen w’ nan Ribrik konnen aktivite atis yo, mèsi anpil dèske w’ te akòde nou entèvyou sila.
Steevie Dogg: Se mwen ki pou remèsye nou dabò pou kouraj nou genyen ki rann travay la posib, Respè !

 

Check Also

Franco Love bay kèk detay sou albòm li an e jan l’ konprann rap la de avni

Jounen Dimanch 7 Me 2017 la nan yon entèvyou Franco Love Federo te akòde ekip …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *