Ta Sanble Yon Fanm Pran Ebola Nan Fè Sèks ak Yon Nèg Ki Te Enfekte

Yon fanm nan peyi Liberya ta sanble kontrakte Ebola nan fè sèks ak yon nèg ki te geri ak viris la. Se sa Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi di nan yon rapò maten an. Deklarasyon sa yo poko definif, men CDC di se sa yo sigjere pou peryòd evènman sa yo. Fi a pa t sanble an kontak ak okenn moun ki montre sentom Ebola, e yo te jwenn viris la nan san li nan mitan mwa mas, jis yon semèn aprè li te gen rapò seksyèl ak yon nèg yo rapòte ki te gen sentom Ebola depi an septanm — anviwon 5 mwa avan sa.

Yo pa jwenn okenn siy Ebola nan san nèg la, men tès yo detekte viris la nan espèm li. Yon sekans patyèl jenòm ARN viris nan espèm nan sanble anpil ak sekans yo jwenn nan fi a. Rechèch avan sa te detekte tras Ebola nan espèm moun ki te gen sentom maladi a, men li pa t janm dire tout tan sa a. E pandan gen yon rapò Ebola ki fè konnen maladi a te transmèt seksyèlman nan ane 90 yo, li pa t fin definif. Sitiyason sa a kapab vini premye ka ki konfime transmisyon seksyèl maladi a, oubyen o mwen li mande fè plis rechèch pou konfime posiblite a.

Li enpòtan pou note nan ka sa a nèg la, ki parèt yon sivivan Ebola, pa t janm difinitivman konfime te gen maladi a. Aprè plizyè tès an septanm lè li te gen sentom maladi a, youn te sòti pozitif e yon lòt te sòti negatif. Yon lòt tès yon semèn aprè te sòti negatif tou, e yo te kanpe l nan tretman yon ti tan aprè. Pandan sa kite anpil dout, plizyè manm fanmi nèg la t’ap avèk yo oubyen t’ap fwote ak yo te kontrakte oubyen te parèt kontrakte maladi Ebola a tou.

Paske rechèch avan sa te detekte prezans Ebola nan espèm mwa aprè kontraksyon, ni CDC ak Òganizasyon Mondyal Sante te rekòmande sivivan mal yo pou kanpe sou sèks oubyen itilize yon prezèvatif pandana 3 mwa. CDC rekòmande moun evite kontak ak espèm gason ki te gen Ebola pou yon tan endetèmine, jiskaske yo konn plis sou koze a. Si yon sivivan mal gen nenpòt tip relasyon seksyèl, CDC di fòk li itilize yon prezèvatif. Rechèch adisyonèl ap pèfòme sou likid mal ak femèl (gason ak fi) pou wè kòman viris la pèsiste e si transmisyon li ka fèt seksyèlman.

Nan peyi Liberya, kote pasyan sa yo lokalize, epidemi Ebola parèt ap diminye. Apa de ensidan sa a, peyi a te pase yon mwa san okenn ka Ebola. Ameriken kòmanse ap fèmen yon sant tretman yo, e peyi a ka deklare pa gen maladi Ebola ankò, daprè laprès asosye. Liberya te gen plis pase 4,600 ka lanmò ak Ebola depi premye fwa viris la te rantre nan peyi a an mas 2014.

Check Also

Kalash di li pral vann Mizik “Rèd Nèt” la aprè l ap fè Ayiti yon kado Jah B di pa bay Politisyen yo li, l ap pase menm jan ak kòb Petwokaribe a

Yon ti pale Jah B ak Kalash sou Twitter

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *