Avèk itilizatè ak konpayi tankou MTV ki ap pataje anpil kontni sou mizik sou entènèt, Instagram lanse yon kont ki dedye ak mizik tou li menm. Li rele @music, kont la ap pataje foto, lirik ak videyo ki ap eksplore mizik atravè mond la avèk atis ki fè yo.
Kont sa a lanse 29 avril nan maten avèk yon anons CEO Kevin Systrom fè, ladan l li deklare kont @music la ap montre yon lòt vizaj plis pase 300 000 atis ki ap vini ak sa yo ki popilè ki chaje fanatik sou sit la. Kont la ap fè mizajou 6 fwa pa semèn, e mizajou sa yo ap fokis sou talan, jan yon atis ekri yon mizik, oubyen moun ki fè konsomasyon mizik la anpil. Sa vle di fotograf mizik, desinatè albòm, moun ki ap kreye enstriman ak fanatik yo.
Se pa premye fwa yon platfòm sosyal fè gwo efò pou kreye kontni sou mizik. Twitter te lanse yon sèvis parèy an 2013. Sèvis la te pèmèt itilizatè yo chèche mizik zanmi yo ap koute, ak seleksyon Spotify, Rdio ak entegrasyon iTunes. Antouka, sèvis la pa t mache, e li te kanpe ofisyèlman yon ane aprè. Anbisyon Instagram pou kont @music la sanble plis fokis sou rakonte istwa pase difizyon mizik, antouka, gen plis chans pou kont sa a dire pou yon ti tan.