Censiny dezyèm finalis Digicel Stars 2013 la voye yon mesaj bay fanatik li yo nan mesaj la li fè konnen ke Ayiti Pa gen pwodiktè e li esplike reyisi finalis Digicel Stars kòman sa se kòve

Censiny Louius se yon chantè konpozitè e entèprèt li se yon Gonayivyen, Plis Moun te vin konnen li kom atis nan Digicel Stars an 2013 ki te fèt  Pòtoprens, li te arive dezyèm finalis nan konkou a

Censiny se yon atis ki gen anpil talan, li gen yon bèl Vokal e vwa li fè anpil moun dekouvri kapasite li, li se yon gitaris tou.

Pandan Konkou a nan lane 2013 li te bay yon Entèvyou ak “Haitian Culture and Entertainment news” li te fè konnen ke li vin nan Digicel Stars pou chanpyon li vle chanje vil pou l’ vin yon gran Atis pou l’ arive reprezante Ayiti nan amerik la. men se domaj se pa sa lanati te sere pou atis la li te Arive dezyèm nan Konkou a, answit li te arive soti yon bèl grenn mizik ki te batize ” Pale avè m'” ki pa tèlman rive sou Popilasyon an, se kòmsi se yon mizik li te fè pou moun Gonayiv

Atis la pat gen pyès label ki te entèrese avè l’ depi lè sa li pat kraze kò l’ nan depanse san l’ pa konn ki jan l’ap antre se rezon sa a ki fè atis la di pa gen pwodiktè an n ayiti e bay verite sou Digicel Stars sou jan li esplike koman konkou a se yon veritab kòve pou fason li Bay Bilan yo, li kalifye tèt li kòm yon gran atis pou l’ pa ka jwenn yon label serye. an reyalite se sa vrèman

Tout bèl enfo yo se Ti Kwen Pam ki genyen yo ann li ansanm dènye Mesaj Censiny te lanse bay tout Pwodiktè ki vante tèt yo kòm pwodiktè : << Mezanmi pou tout zanmi kap poze m’ kesyon sou STARS DES STARS yo . Kite m’ di nou, wi yo te rele m’ pou m’ te patisipe men, mwen pa entèrese patisipe. Poukisa? Mwen te soti dezyèm nan konkou a an 2013 , depi lè sa map mache tankou chyen fou ap chèche yon prodiktè m’ paka jwenn, m’ te rive siyen kontra ak youn pou 3 lane men,sa pat mache ,Haïti pa gen prodiktè. Pou mwen menm si lè yon atis te fini premye ou dezyèm nan konkou a te jwenn ankadreman franchman nou tap gen anpil super star. Nan moman an m’ pa gen problèm konkou m’ jis bezwen ankadreman pou m’ ka satisfè fanatik ki te vote pou mwen yo.             Si yap fè stars des stars li ta sipoze 100%100 talan, [poukisa vòt la?] Imajine w ! Ou fini nan yon konkou estanda konsa menm la lagonav ou paka ale. Gen anpil moun ki pale de viza, machin e gen anpil moun ki menm panse w tou rich lollll!  Mwen menm m’ te sèlman jwenn ti chèk apre anyen ankò, yo te banm 50000 Dola ayisyen alòske mwen ak estaf mwen konn vote pou plis ke 40000 Dola ayisyen pa semèn san konte vot fanatik yo et semèn final la nou te vote pou plis ke 60000 Dola Ayisyen san konte vòt fàn yo. La n’a wè ke 50000 Dola Ayisyen pat reprezante anyen, nou tap batay sèlman pou tit la. Fàn mwen yo n’a eskize m’, mwen oblije ba nou verite a jan l’ ye a, m’ pap janm ka fè nou plezi pou kont mwen ,fòk mwen ta siyen ak yon record label e malerèzman hummmm. Ann alèz poukisa tout chanpyon , vis-champion yo aprè ou pa tande yo? Fòk nou ta wè ke se pa yo se sistème nan. se pa talan nou pa genyen,nou konn chante men, sa pa sifi fòk gen ankadreman.      

Eksplike pa Censiny Louius sou kont Facebook li

Goumen pou yon tit ki pa itil anyen anpil kob pran kou

Ekri Pa: Jamesly Pierre Ti Kwen Pam News 

Check Also

Shabba ft D-Perfect__Me no cry for you

Télécharger Me no cry for you__Shabba ft D-Perfect

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *