Wilson Pierre Ansyen mizisyen Suav Mizik, Disip Gazzman, 5 Etwal. Aktyèlman Manb Nu-Look pou Ranplase Gabriel Laporte ki fòme WOW ak lòt mizisyen tankou Prince Rocher ak Money G
An n Ayiti nan mwa jiyè ki sot pase a Wilson Pierre te ak Nu-Look epi li retounen ozetazini aprè toune a yo entegre li nan Djaz la.
Li fè prezantasyon ofisyèl li Vandredi 21 Oktòb 2016 Pa Arly Larivière sou paj Facebook li kòm nouvo Gitaris Nu-Look .
Wilson Pierre Konfime Tou ke li ranplase Laporte nan Nu-Look e pale sou absans li nan Fasil, li di Reginald Cangé pa janm rele l’ pou pale konsènan de Gwoup la. Wilson ki konn jwe nan plizyè legliz men se ak yon ti gwoup Tabarre ki Rele ” Klé Konpa ” ki te komanse nan mizik Monden
@TKPNews
Jamesly-Pierre