174 Prizonye Sove nan Bouk Akaye – 2 Moun Mouri

Plizyè dizèn prizonye sove nan Prizon akayè samdi 22 oktòb 2016 la, apre yo te fin touye yon polisye epi yo mete men sou divès zam, dapre sa otorite yo fè konnen.

Jij Henry-Claude Louis Jean, ki tap abòde dosye a nan menm jounen samdi a, deklare gen lòt moun ki blese pandan ensidan an ki rive nan bouk Akayè, sou yon distasn 50 kilomèt konsa ak kapital la (Potoprens).

Lapolis lanse yon operasyon koukouwouj deyè 174 prizonye ki chape yo. Yo enstale divès pòs-enspeksyon ak fouy sou tout wout ki alantou Prizon an. Yo mete men sou 11 prizonye e lapolis kontinye chache rès yo.

Minis Jistis ayisyen an, Camille Edouard Jr., bay ajans nouvèl Reuters yon entèvyou kote li di: “Gen yon gad ki mouri pandan ensidan an. 3 prizonye blese -pami yo gen youn ki sikonbe anba blese li yo.”

Otorite yo di prizonye yo te atake ajan polis ki anchaj batiman an apre responsab yo te libere yo pou tèt Prizon an te two chaje. Nouvèl yo rapòte kadav polisye ki mouri a te atè a toujou lontan aprè atak la te fin dewoule.

Anbasad Lèzetazini nan Potoprens bay sitwayen ameriken yo konsèy pou yo evite rejyon Akaye a.

Daprè nouvèl yo toujou, Prizonye yo ann Ayiti abitye chaje depase limit e pafwa yon moun konn pase plizyè lane nan prison san l pa prezante devan jij.

Otorite yo mande moun ki abite nan zon nan pou yo swiv konsèy lapolis pandan responsab yo kontinye ap chache prizonye ki sove yo.

 

@TKPnews

Jamesly-Pierre

Check Also

Daprè Minis John Kelly kapab gen yon pwochen pwolonjman TPS la pou Imigran Ayisyen yo

Pandan li t’ap vizite Ayiti, mèkredi 31 me 2017 la Minis Sekirite Teritoryal Ameriken an …

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *