Pou 40 Gòl nan liga sezon ki sot pase a, Luis Suarez resevwa Soulye Dò ewopeyen jounen Jedi sa pou yon dezyèm fwa nan 3 lane.
Luis Suarez se te yonn nan jwè ki pi fò nan dènye Sezon an Ewòp. se li ki te make plis gòl nan chanpyona espay la se rezon sa ki fè jounen jodi a se li ki ganye Soulye Dò pou sezon 2015-2016
Irigweyen an remèsye tout koekipye l’ yo nan FC Baselòn, pou soutyen yo. li di se vre mwen gen isi koyekipye yo ki rann bagay yo pli fasil. nou genyen tou meyè ekip mond lan. priyorite nou se ranpòte chanpyona espay la ak “Ligue des champions” e si posib pou n’ pran tandot pri endividyèl. Esplike pa Luiz Suarez pandan li te fin pran twofe a.
Ekri pa : Jamesly Pierre Popularité Stars
Pou Tikwenpam News