Carlo Ancelotti, aktyèl antrenè Bayern Munich lan, di Pep Guardiola se youn nan meyè antrenè nan mond lan.
Li pale tou sou kòmansman sezon pa l’ la nan tèt ekip Bayern Munich lan: “Mwen vle fè plis bagay pase ansyen antrenè a ke m’ konsidere kòm yon gran antrenè. Mwen santi m’ byen nan tèt ekip la. Anbyans ekip la trè fantastik e mwen gen yon gran ekip ki nan yon bèl vil. Guardiola te fè yon travay trè etonan li kondui Bayern 3 fwa nan demifinal Lig-dè-Chanpyon, tout dirijan tout sipòtè ekip la mèt konte sou mwen m’ pral fè plis ke Josep Guardiola.”
“Gen Mourinho, Ranierie, gen plizyè gran antrenè mwen apresye. Malgre travay la pa fasil yo toujou sou presyon.”, pawòl Carlo Ancelotti.
Ekri pa: Jamesly Pierre Popularité Stars
Pou Ti Kwen News