Sa fè lontan nou pa wè Gabriel LaPorte avèk Nu-look, e non plis li pa vwayaje ak djaz la. Tout moun ap mande sa k’ pase gitaris la ak band King Arly a?
Plizyè fwa deja Laporte kite Nu-Look men li te toujou retounen sou desizyon li e kontinye jwe nan djaz la.
Yon lòt fwa ankò li vire do bay gwoup la men fwa sa a li pwofite kreye yon nouvo ki rele “WOW”. Gwoup la fonde pa Gabriel ak Prince Rocher. Epi yo gen Money G ansyen manm gwoup 5 Etwal, ki vin rejwenn yo. Djaz sa a pral fè aparisyon l’ nan biznis mizik ayisyèn nan.
Se Gabriel Laporte li menm ki konfime sou kont Facebook li li pa fè pati Nu-Look ankò, Li di “se Prince ak lapuerta ki fè l’ . Yo entegre Money G” pou sispann tout rimè k’ap sikile sou rezo sosyal yo sou koze li ak Nu Look.
Ekri Pa : Jamesly Pierre Popularite Stars
Pou Tikwenpam News