Wanito Ranpòte Prim Dezyèm Edisyon "Africa Entertainment Awards USA 2016

 

Wanito Prim AEAUSA

Nan dezyèm edisyon ” Africa Entertainment Awards USA 2016 “, ki te fèt (New Jersey) nan The Liberty Theatre Samdi 22 Oktòb ki sot pase a, ayisyen entènasyonal Wanito te genyen prim “Pi bon Atis ki nan Karayib la” nan mitan lòt talan gwo tankou Jackfrast, Dexta Daps, Kerwin Dubais, Kevin Lyttle et Kranium.

Li te lage tou yon bon pèfòmans pandan seremoni an ak kolèg li Mickael.
Ane pase Wanito te envite nan premye edisyon an ki te fèt nan “Mary Bucher Theater à Essex County College”, toujou nan New Jersey.
Apre Wanito fin resvwa prim lan, li afiche sou paj Facebook l ‘yon ti mesaj remèsiman ak tout moun ki te sipòte l’ nan konpetisyon sa a: « Thank you @aeausa for this Award! I’m honored! Music is all about feeling,it has no Language. One Haiti! One Caribbean! One Africa! One world! Thank you to everyone who voted for me, music is my refuge and my peace of mind. Mèsi tout fanmi Ayisyenm yo Ki te vote pou Mwen , Mèsi pou support nou. Sa Se Wanito ».

@TKPnews

Jamesly Pierre @PopulariteStars

Check Also

Shabba ft D-Perfect__Me no cry for you

Télécharger Me no cry for you__Shabba ft D-Perfect

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *