Pandan yon vizit nan Sosyete Nasyonal Pak Endistri (Sonapi) Chèf leta ayisyen an, Jovenel Moïse, renouvle angajman l’ pou akonpanye envestisè ayisyen yo ak sila etranje yo ki patisipe nan kreyasyon richès pou konbat lamizè. Pou Jovenel Moïse Vizit sa a se yon «Sinyal klè» li Voye bay tout envestisè ayisyen ak etranje yo, yon fason pou l’ montre bòn …
Read More »Monthly Archives: April 2017
Finalman 509 (Five 0 Nine) sòti 3èm Albòm li
Aprè 10 lane anviwon depi Kenny Desmangles te sòti nan 509 (Five 0 Nine) pou ale nan Zenglen, Atis la te deside rekòmanse travay la ak ansyen djaz li nan lane 2015 aprè li te fin kite Zenglen, 23 mas 2017 ki sot pase a, se te jou Ofisyèl sòti nouvèl albòm 509 (Five 0 Nine) la, titre « Kenbe pozisyon w’ …
Read More »Siri: Lopital ki t'ap pran swen moun ki te viktim nan Atak Gaz Toksik la kraze
Nan Peyi Siri 69 mò pami yo 11 timoun jounen Madi 04 Avril sa a, pa Bonbadman, moun sa yo se moun ki t’ap pran swen kont frap ayeryèn sou fòm Gaz Anpwazonnen nan Khan Cheikhoun Vil Pwovens Idlib, konfime pa Obsèvatwa Siryen Dwa de Lòm (OSDH). Lafrans mande yon reyinyon ijans ak konsèy sekirite a.
Read More »Avoka nan vil gonayiv mande demisyon Komisè Gouvènman aktyèl la
Jounen Madi 04 avril la nan Pakè site Endepandans lan, Gonayiv, gwo diskisyon fèt ant avoka yo sou Komisè Gouvènman an Plizyè avoka pami yo mande demisyon Komisè Gouvènman aktyèl la, nan lide Komisè a pa ka fè Jiridiksyon an mache byen, li pa moun gonayiv, li pa byen konnen vil la anplis yo pa ka jwenn li lè yo …
Read More »Teknisyen Leta ayisyen yo ap travay pou ekzekite plan gouvènman Moïse/Lafontant an
Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse fè yon virewon nan Depatman Latibonit la nan lide pou evalye travay reyabilitasyon ak kiraj kèk kanal. Chèf deta peyi a fè konnen teknisyen yo deja prezante l’ plan travay irigasyon ak drenaj ki dwe fèt nan Depatman an.
Read More »